POLITIQUE

Ansyen Prezidan Boniface Alexandre ak Hérard Abraham pa gen plas yo nan komite konsiltatif la, daprè istoryen Georges Michel

Yon ti bout tan aprè prezidan Jovenel Moïse fin enstale komite konsiltatif endepandan ki pral travay sou lòt konstitisyon an nan Palè Nasyonal apremidi vandredi 30 oktòb 2020 an, reyaksyon koumanse tonbe. Istoryen Georges Michel ki te travay sou konstitisyon 1987 la montre dezakò li ak demach chèf leta a ki, daprè li menm se yon demach ilegal.

Daprè konstitiyan Georges Michel, se yon komite ki pa legal ki monte pou al fè yon travay ilegal. Mete sou sa, Prezidan Jovenel Moïse pat gen dwa poul fòme okenn komite pou al travay sou chanjman manman lwa peyi a. Mesye Michel rapòte daprè enfòmasyon li genyen anbasad amerikèn p ap dakò gen yon chanjman tèt chat ki fèt nan manman lwa peyi a.

Nan yon entèvyou li bay Radio Métropole, Doktè Michel deklare li pa konnen kisa Ansyen prezidan Boniface Alexandre ak ansyen Jeneral FAD’H la, Hérard Abraham vin chèche nan yon komite konsa. Kidonk, yo pa gen plas yo nan komite a. Se kòmsi se zonbi ki pete sou mesye yo, daprè istoryen an.

Menm Konsèy Elektoral Pwovizwa prezidan Jovenel Moïse fòme a, Georges Michel fè sonje se yon KEP ilegal. Istoryen an deklare:”Pa gen moun ki pral nan eleksyon ak KEP tyoul, restavèk, sousou sa a. Manm KEP a diskalifye tèt yo paske yo pran yon misyon dèyè do konstitisyon an”. Li ajoute pou l di se yon KEP ki mouri depi jou l fèt la.

Georges Michel kwè prezidan Jovenel Moïse p ap gentan fè anyen ak pwojè li genyen pou chanje konstitisyon an, y ap gentan kanpe l nan wout. Li menm prevwa si se Joe Biden ki pase nan eleksyon ki pral fèt nan dat 3 novanm 2020 an Etazini, bagay la ap pi rèd pou lokatè Palè Nasyonal la.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.