ACTUALITÉS

Jovenel Moïse kreye yon komite tou nèf pou al travay sou nouvèl konstitisyon an 

Jan Prezidan Jovenel Moïse te anonse l ap mete kanpe yon komite pou elabore yon lòt konstitisyon, Chèf Leta enstale manm komite konsiltatif endepandan ki pral travay sou nouvo manman lwa peyi a apremidi vandredi 30 oktòb 2020 an palè nasyonal.

Komite a gen ladann 5 manm tankou ansyen Prezidan Boniface Alexandre, Ansyen Jeneral FAD’ H Herard Abraham, Me. Mona Jean, Louino Pierre ak Jean Emmanuel St- Eloi.

Nan diskou sikonstans lan, Prezidan komisyon an Boniface Alexandre remèsye prezidan Jovenel Moïse ki fè l konfyans pou mete l nan komite sa. Li pwomèt pou li menm ak lòt manm komisyon an travay san fòs kote. Daprè ansyen Prezidan an, Konstitisyon 1987 la responsab tout deriv peyi a ap travèse jounen Jodi a

Sou bò pa l, Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse fe konnen peyi a gen bon souvni moun sa yo ki konpoze komite a. Nasyon an pa p janm bliye sakrifis yo te fè pou peyi a soti nan stabilite konstitisyon 87 la mete peyi a. Prezidan an fè konnen nouvèl konstitisyon ki gen pou monte a pral pèmèt twa pouvwa yo fè travay yo kòmsadwa. Komisyon sa gen pou manda chèche ekspè pou ede yo travay pou yo kapab ekri pwojè nouvo konstitisyon an, daprè Jovenel Moïse.

Lokatè Palè nasyonal la deklare si mèt Monferrier Dorval te vivan li t ap fè pati komite konsiltatif la. Li te tou pwofite mande lajistis ak lapolis fe verite blayi sou zak sasinay sa.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.