SECURITE

BSAP, kote l soti? Kiyès yo ye? Ki travay yo fè?

Yo plis pase yon santèn (100) jenn fanm ak jenn gason Ayisyen, ki abiye an teni militè ak yon twal kaki vè doliv, maske ak kagoul nwa epi gwo zam lagè tout kalib nan men yo ap sikile gwo midi sou machin ak moto san plak nan tout ri nan vil pòtoprens, Okap, Wanament elatriye. Mesye dam ame sa yo ki fè tèt yo pase kòm sòlda fòs lame Ayiti a depase limit travay yo, selon kèk manm nan sosyete sivil la, deja plizyè moun viktim anba men zèfèyis sa yo, menm polisye pa epanye anba men BSAP.

Nan yon kontèks ensekirite frajil nan peyi Dayiti kote se kidnapin k ap fèt chak jou, polisye, avoka, etidyan, ti machann prèske tout kouch nan sosyete a viktim anba men nèg ak zam, yon sosyete tout moun gen zam ilegal san fòmasyon. Aprè anpil denonsyasyon, anpil bouch gonfle nan mitan sosyete a sou zak mesye dam BSAP yo komèt nan lari a, kote menm komisarya Polis yo atake tankou nan depatman nò BSAP te louvri kout zam sou yon komisarya nan rejyon an pou libere yon frè dam yo lapolis te arete paske l t ap mache ak zam ilegal. Yon entèvansyon kite lakòz anpil dega materyèl ak lavi, jiska prezan pèsonn pa di anyen se tankou yon zak lalwa apiye.

Jounen jodi a sosyete a bouke e yo mande detay sou kò nèg ak fanm ame jis nan dan sa yo ki kote yo soti? Kiyès k ap kòmande yo? Nan jounal Gran Boulva maten jedi 29 oktòb 2020 an sou antèn Radio karayib Minis anviwoneman peyi Dayiti a, Abner SEPTEMBRE avwe BSAP la se yon Brigad sekirite ki la nan zòn forè ak min yo pou kapab pwoteje anviwònman an kont moun k ap koupe pye bwa ak detwi resous natirèl peyi Dayiti yo.

Minis la fè konnen gen ladan yo ki pote zam e gen ladan yo ki pa pote zam, san li pa mansyone sou ki kad legal kò sa ap fonksyone e ki kalib zam yo dwe pote, epi tou ki kote yo jwenn gwo zam lagè diferan kalib sa yo pou mesye dam sa yo ap taye banda nan repiblik la. Li sèlman presize zòn travay nèg ak zam sa yo se nan forè, pandan li inyore konplètman tout zak gwo ponyèt ak kraze brize mesye dam sa yo gentan komèt nan mitan popilasyon an.

Enfòmasyon ki ta rive jwenn nou fè konprann BSAP la gen yon pakèt bandi lapolis ap chèch ladann, e yo genyen kouvèti kò sa pou yo sikile ak zam gran jounen anba zye lapolis san pèsonn paka wè yo anba kagoul ki bouche vizaj yo. Selon kèk obsèvatè ki pale avèk nou ki pa bann dwa site non yo se yon dezòd total kapital e se li menm ki antrene ensekirite a nan nivo sa.

Avèk anpil sekrè, gen moun ki ta fè kwè chak moun ki vle enskri nan BSAP ap peye 15.000 Goud. Chak moun ki vin manm kò sa kapab mache ak nenpòt zam li genyen lib e libè tout kote sou teritwa a. Fas ak sitiyasyon sa, anpil moun ap poze kesyon sou travay ministè anviwònman nan peyi a. Eske li gen otorite pou kontwole pakèt moun ak gwo zam lou sa yo? Eske li gen fon pou l peye yo? Ki kote katye jeneral BSAP la twouve l sou teritwa a? Se yon pakèt kesyon sosyete a poze ak chèf leta a ki gen misyon kontwole bon fonksyònman tout enstitisyon nan leta a.

 

Figaro MATELOT

IWM

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.