POLITIQUE

Peyi Etazini ap tann eleksyon reyalize an janvye nan peyi a

Jan divès sektè konsidere Etazini kòm sèl peyi ki kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa, nan Yon tweet li mete deyò jounen mèkredi 28 oktòb la, anbasad amerikèn fè konnen Palman ayisyen an dwe retabli pou Ayiti ka tounen sou vwa demokratik.

Chèf Leta ayisyen an ki pa sispann plede pou reyalize eleksyon nan peyi a te deklare eleksyon ap fèt avèk ou san yon nouvèl konstitisyon.

” Enstitisyon demokratik ayisyèn yo dwe detèmine mekanis jiridik ki apwopriye pou chanjman konstitisyon avèk kontribisyon sosyete sivil la” daprè sa ki poste sou kont twitter anbasad la.

Daprè yon pòt pawòl nan depatman deta ameriken peyi Etazini ap tann eleksyon reyalize an Ayiti pou pi ta janvye 2021 pou renouvle chanm depite a, de tyè Sena, ak eli loko yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.