ACTUALITÉSPOLITIQUE

Desras Simon Dieuseul akize sektè demokratik la ki ta pran 9 milyon goud nan men Renold Deeb pandan peyi lòk la

Depi kèk jou gen yon tòchon k ap boule anndan sektè ki bay tèt li non ‘’Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP)’’ kote gen plizyè moun ki nan sektè a ki pa rive antann yo. Yo pa wè sitiyasyon peyi a menm jan, youn ap kritike lòt, youn ap denonse lòt. Aprè enfòmasyon ki te fè kwè Doktè Kelly Bastien ak Walson Sanon t al chita pale ak responsab pati politik PHTK nan non sektè a san yo pat gen manda pou sa, plim te leve sou do plizyè moun ki nan SDP a pou denonse sa.

Jounen jedi 29 oktòb la, ansyen senatè Desras Simon Dieuseul fè yon seri deklarasyon, daprè anpil moun, ki pa fè onè moun ki di yo nan SDP a. San l pat site non pèsonn ansyen palmantè a revele byen fò nan Radyo Magic9: ‘’Gen moun nan SDP a ki te pran anviwon 9 milyon goud nan men Renold Deeb nan moman peyi lòk la pou leve barikad pou kite 52 kontenè pase ki t ap soti ladwann Pòtoprens’’.

Ansyen Minis sou gouvènman Jean-Charles/Privert a pat rete la, li ajoute li pa konnen si sektè demokratik la egziste jodi a paske li fè divès branch tankou altènativ konsansyèl ak direksyon politik opozisyon demokratik. Li deklare se nan radyo li tande bagay konsa. Epoutan li dil pa mande kiyès ki bay manda pou sa paske l konnen yon dirijan politik pa bezwen manda ekri pou chita pale ak lòt moun. Dapre li menm, lè yon moun fè sa, sa rele demagoji.

Malgre tou ansyen senatè Desras dil toujou gen bon jan relasyon ak kèk moun nan SDP a tankou Evallière Beauplan ak Rony Colin. Menm sil rekonèt gen anpil demagòg anndan sektè a.

Desras Simon Dieuseul fè sonje SDP a se pa ni byen prive ni byen pèsonèl pèsonn moun. Li eksplike se yon esktrikti ki te fèt ak divès òganizasyon sosyal ki te sousye ak revandikasyon popilasyon an. Ansyen palmantè a di gen kèk moun ki di yo nan SDP a si w bezwen pale ak yo jounen jodi a, se Renold Deeb pouw rele paske se li menm ki patwon yo.

Mesye Dieuseul te pase men pran gouvènman anplas la tou li di ki pa gen okenn kredibilite, oken konfyans. Li lanse yon apèl bay moun ki nan sektè demokratik la pou yo ranmase pye yo. Pandan tan sa, n ap fè sonje sa fè kèk jou non Desras Simon Dieuseul ap site kòm moun ki ta kapab vin premye minis peyi a pou yon posib chanjman gouvènman.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.