ACTUALITÉS

Jovenel Moïse rankontre manm Konsèy Elektoral Pwovizwa yo jounen madi a

Chef leta ayisyen an Jovenel Moïse rankontre jounen madi 27 oktòb la manm konsèy ekektoral pwovizwa yo. Pandan rankont sa prezidan Jovenel Moïse te chita sou kesyon machin ekektoral la ki dwe operasyonèl.

Plizyè vwa nan sosyete a denonse KEP Jovenel Moïse la kote divès sektè konsidere tankou krèy elektoral pandan yo konsidere tou klima aktyèl la pa favorab  pou reyalize eleksyon nan peyi a. Chef leta a Jovenel Moïse detèmine pou reyalize eleksyon nan peyi a.

Nan Yon twit Lokatè palè Nasyonal mete deyò, li anonse li rankontre jounen madi a manm K.E.P yo.

” Mw te chita pale madi 27 oktòb la avèk manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Diskisyon yo te chita sou operasyonalisasyon machin Elektoral la.
Konseye Elektoral yo afime angajman yo pou reyalize eleksyon lib, onèt, ak transparant ” , daprè sa Chèf Leta fè konnen.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.