SANTÉ

Kowonaviris/ Swis: Plis pase 17 mil nouvo ka nan 3 jou

Nan Peyi Swis gen 17 440 moun anplis ki trape kowonaviris la nan 3 jou, chif sa vo 2 fwa kantite ka otorite yo te resanse pandan yon semèn selon Ofis Federal Sante Piblik (OFSP) ki bay enfòmasyon an maten lendi 26 oktòb la.

Nan yon atik ki pibliye sou sit “20min.ch”, OFSP presize gen 37 moun anplis ki mouri ak 259 malad ki kouche sou kabann lopital.

Se chak lendi maten Ofis Federal Sante Piblik la mete deyò kantite moun ki enfekte nan KOVID-19 la pou jou samdi ak dimanch. Pandan 3 dènye jou yo, OFSP endike yo transmèt rezilta 82 026 tès konvansyonèl. To pozitivite a pase a 21,26 pousan. Sou 2 semèn ki sot pase yo, gen 654 moun ki te enfekte sou yon total 100 000 abitan dapre rezilta tès yo.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.