SANTÉ

Kowonaviris/ Frans: Plis pase 52 mil moun enfekte nan yon jounen

Epidemi kowonaviris la bat yon nouvo rekò ayè dimanch 25 oktòb 2020 an an Frans. Nan yon sè l jou, gen 52 010 moun ki enfekte, tandis ke kantite malad ki nan reyanimasyon yo depase 2500 moun daprè chif sante piblik Frans pibliye. Pandan menm jounen dimanch la, gen 116 moun anplis ki mouri nan Kowonaviris la.

Pou koulye a, gentan gen plis pase yon milyon moun ki gentan trape KOVID-19 la an Frans ak 34 761 lòt gentan mouri. Epoutan nan jou ki te vandredi 23 oktòb la, te gen plis pase 45 mil moun ki te enfekte nan maladi sa a ki gaye tout kote nan mond lan.

Selon yon atik ki pibliye nan jounal ‘’Le Nouvel Observateur’’, gen 191 nouvo ka grav ki plase nan reyanimasyon nan lopital yo ayè dimanch 25 oktòb la. Sa ki bay yon total 2 575 pasyan ki plase nan sèvis reyanimasyon nan

Pou koulye a, gen anviwon 5 800 kabann ki disponib nan sèvis reyanimasyon an men li kapab ogmante a 7 700 nan pi piti 15 jou daprè Minis Sante a, Olivier Véran. N ap souliye lè kowonaviris la te rive nan pik li an Frans, te genyen plis pase 7000 moun ki te enfekte ki te nan reyanimasyon.

Toujou nan menm atik la, yo presize gen 1 298 nouvo malad ki al kouche sou kabann lopital ayè dimanch la. Sa ki vin bay yon total 16 454 moun ki trape kowonaviris la ki kouche lopital.

Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron deklare li twò bonè pou di si wi ou non y ap fè moun rete lakay yo ankò pou anpeche viris la kontinye gaye kò l nan peyi a.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.