ACTUALITÉS

Jounen entènasyonal prizonye: Gen anpil moun yo bliye nan prizon nan peyi a daprè OPC

Jounen dimanch 25 oktòb 2020 an se jounen entènasyonal moun ki nan prizon yo. Ane sa, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) fè konnen dat sa komemore nan peyi Dayiti nan yon kontèks kote dwa plizyè milye moun ki nan prizon pa respekte ditou.

Menm si gen nan kèk sant detansyon gen jefò ki fèt pou respekte règ Mandela pou trete moun ki nan prizon yo, gen nan anpil lòt sant prizonye yo nan kondisyon moun pa ta dwe ap viv. Yon sitiyasyon ki genyen move konsekans sou diyite yo.

Nan yon nòt li mete deyò jodi a, OPC ekri ane 2020 an te difisil anpil pou prizonye yo akòz yon seri evènman ki pase pandan ane a. A kote twoub sosyopolitik ki genyen nan peyi a, kowonaviris la ki te parèt, grèv majistra yo ak grefye yo genyen move konsekans sou fonksyonman lajistis ak chèn penal la. Daprè OPC genyen pou koulye a plis pase 75 pousan prizonye k ap tann pou yo jije.

Valè moun ki nan prizon ki poko janm jije nan peyi a se yon endikatè ki montre klè otorite ki la pou bay moun jistis ak dwa yo genyen pou yo jije nan yon delè ki rezonab pa fè travay yo. OPC pran kòm egzanp gen anpil moun yo bliye nan penitansye nasyonal ak prizon Kwadèboukè a paske Kou Dapèl Pòtoprens pat kapab fonksyone pandan ane jidisyè 2019 pou rive 2020 an.

An menm tan, Ofis la salye travay Direksyon Administrasyon Penitansyè a ki pran kèk dispozisyon pou anpeche KOVID-19 la gaye kòl nan prizon yo epi evite yon katastwòf imanitè. Yon lòt bò, Ofis deplore neglijans otorite ki konsène yo poutèt yo pa janm pran okenn mezi pou ouvè prizon Tigwav la yon fason pou amelyore sitiyasyon lavi anviwon 200 prizonye k ap koukouman nan 2 tichanm.

OPC sezi menm okazyon an poul deplore zak kanbriyolaj ki fèt nan Grèf Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens la nan dat 19 oktòb 2020 an. Pandan zak sa, gen kò deli ki te nan dosye sasinay Mèt Monferrier Dorval la ki disparèt tankou yon kout zèklè. N ap fè sonje gen Grèf anpil majistra enstriktè moun yo pa idantifye kase deja nan Pòtoprens pandan otorite yo nan Leta a kwaze ponyèt yo yap gade.

OPC mande otorite yo nan leta a pou enplike yo nan batay pou fè prizon yo fonksyone byen nan peyi a nan lide pou amelyore kondisyon lavi moun ki pa lib yo.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.