ACTUALITÉS

“Kat Idantifikasyon Nasyonal la gratis sou tout teritwa a” , daprè Minis Jistis la

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè tout popilasyon an konnen tout sèvis Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ki responsab pou fè epi livre Kat Idantifikasyon Nasyonal yo, kat anpil moun rele kat Dèmalòg la gratis sou tout teritwa nasyonal la.

Nan sans sa, li envite tout moun ki viktim nan yon fason oubyen yon lòt nan men yon ajan ONI pou yo pote plent nan yon pakè ki gen konpetans pou sa.

Nan nòt sila, minis Rockfeller Vincent, pase lòd ak responsab ONI yo pou fè plis efò nan lide pou remèt Kat Idantifikasyon Nasyonal yo nan yon delè ki pa long. Minis lan fè tout moun ki ta vle pran lajan pou sèvis gratis sonje sa se yon krim e yon zak koripsyon ki dwe sanksyone kòm sa dwa.

N ap fè sonje minis Jistis la Rockfeller Vincent te fè konnen ansyen Kat Idantifikasyon Nasyonal la pa valid depi vandredi 16 oktòb pase a.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.