ACTUALITÉS

Yon timoun 10 lane yo vyole tonbe ansent nan depatman Grandans

Léila yon jèn tifi ki nan laj 10 zan tonbe ansent aprè yon endividi te fin vyole li. Aksyon sa pase nan depatman Grandans patikilyèman nan komin Leyon.

Daprè enfòmasyon Impulse Web Médias jwenn, Leila t ap viv ak grann li ak manman l ki andikape. Cébien Antoine, endividi ki komèt zak sila pa sispann menase ti lezany la.

Pou kounye a, otorite nan depatman Grandans lan ta dwe pran tout dispozisyon nesesè pou arete kriminel sa epi jije li kòm sa dwa.

N ap raple zak sila yo pa sispann repete nan depatman Grandans peyi a nan dènye jou sa yo. Plis pase yon trantèn timoun te tonbe ansent nan lise koray la nan peryòd tout moun te rete lakay yo akòz kowonaviris la daprè sa direktè lekòl sa te fè konnen. Yon sijè ki ta dwe entèpele otorite anplas yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.