ACTUALITÉS

Pri gaz la kontinye ap bese sou mache lokal la

Jan Prezidan Jovenel Moïse te pwomèt li 20 oktòb ki sot pase a, gen yon pase men ki fèt nan pri pwodui petwolye yo sou mache lokal la. Nan yon avi Ministè Ekonomi ak Finans nan tèt kole ak Ministè komès mete deyò jounen vandredi 23 oktòb la, dizèl la ki te vann 174 goud pase a 169 goud, kerozèn nan ki te vann 173 goud koute 163 goud. Gazolin nan toujou rete nan 201 goud.

Pri sa yo ap rantre an aplikasyon a pati 26 oktòb k ap vini la daprè Minis Ekonomi ak Finans lan, Michel Patrick Boisvert ki anonse mezi sa yo pran yon fason pou soulaje mizè popilasyon an.

N ap fè sonje chèf leta a te anonse l ap fè aplike lwa 6 mas 1995 lan ki gen rapò ak pwodui petwolye yo. Nan lwa sa, pri yo dwe afiche daprè sa ki afiche sou mache entènasyonal la.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.