ACTUALITÉS

Manifestasyon nan komin Kafou pou mande libere Titi Lotto la

Plizyè santèn sitwayen nan komin kafou te pran lari jounenv vandredi23 oktòb 2020 an pou mande liberasyon antreprenè Wolfy Hall (Titi Lotto) bandi te kidnape nan kòmansman semèn nan.

Manifestan yo denonse fenomèn ensekirite a k ap taye banda nan peyi a. Yo di yo pa p bay vag toutotan yo pa libere antreprenè a. Yo menm anonse y ap bloke komin nan si yo pa jwenn satisfaksyon. Sitwayen ki t ap manifeste yo deklare paran Wolfy pa gen kòb pou yo bay ravisè yo.

Nan sans sa, yo mande administrasyon Moise- Jouthe la pran responsablite li pou jwenn liberasyon antreprenè a.

N ap fè sonje chef gang “Gran Ravin” nan, Ti Lapli, te di se li menm ki kidnape Titi Lotto paske li te di gouvenman an pa sipòte yo pandan kèk tan nan baz yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.