SECURITE

Jhonny Descollines libere byen bonè maten vandredi a

Ansyen entènasyonal foutbòl ayisyen an, Jhonny Descollines, jwenn liberasyon l nan lannuit jedi 22 pou rive maten vandredi 23 oktòb 2020 an.

Yon jou aprè yo te fin kidnape l nan Delma 33, Jhonny Descollines rejwenn fanmi l ak zanmi vè 1h 30 nan maten jodi vandredi a.

Moun ki te kidnape l yo te mande yon valè 500 000 Dola ameriken pou yo libere l. N ap fè remake redaksyon Impulse Web Médias pa gen okenn enfòmasyon pou konnen si yo te bay kòb sa oubyen si yo pat bay li.

Daprè foutbolè a ki t ap entèvni sou radio Caraïbes FM, se twa jèn timoun nan laj 16, 17, ak 18 an ki t ap siveye l. Jèn sa yo t ap denonse sitiyasyon grav peyi a twouve l , daprè sa l di.

N ap raple vedèt entènasyonal la te kidnape nan lannuit 21 oktòb la.

Fenomèn vòlò moun nan (Kidnapin) nan kontinye ap vale teren nan dènye jou sa yo nan peyi a kote bandi ap fè lalwa jan yo vle, lè yo vle, sou silans otorite anplas yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.