SECURITE

Bandi ak zam kidnape Johnny Descollines yèswa nan komin Delmas

Ansyèn glwa foutbòl ayisyen an Johnny Descollines kidnape nan lannuit mèkredi 21 oktòb la nan zòn delma 33, daprè Ernso Laurence.

Se sou radio Zénith FM nan emisyon ” Tout le sport” ansyen foutbolè ayisyen an Ernso Laurence konfime enfòmasyon sila.

Ravisè yo ta mande yon ranson 500 000 dola vèt pou yo libere l daprè ansyen koyekipye l nan seleksyon nasyonal la.

Ansyen atakan foutbòl la vin ogmante lis moun y ap kidnape nan dènye jou sa yo. Jhonny Descollines fèt 8 me 1974, se youn nan pi bon jwè ayisyen nan ane 2000 yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.