SECURITE

Bandi ak zam touye yon adolesan 14 lane nan zòn Okay pou yon telefòn

Mardochée Wagnac, Yon  adolesan ki gen 14 an mouri anba bal bandi nan lannuit 21 oktòb la nan zòn Vernet nan banlye vil okay. Li ta mouri akoz li te refize bay telefòn li ak bandi ak zam ki te mande li, daprè enfòmasyon komisè Okay la Ronald Richemond.

Dram sa rive a 7è nan aswè nan zòn vernet nan depatman Sid peyi a. Komisè gouvenman an ki te rann li sou plas aprè evenman an deklare aprè jij de pè fin fè konsta, li te fè leve kadav la.

Komisè Ronald Richemond anonse li gentan idantifye kèk pis sou malfra ki komèt zak sila a. Majorite nan yo se moun ki gen move entansyon e ki lokalize nan zòn mache Jedi. Li pwomèt tou l ap met men nan kòlèt bandi sa yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.