SECURITE

Kanbriyolaj nan pakè Potoprens, plizyè kò deli nan dosye mèt Monferrier Dorval la pèdi

Moun yo pa rive idantifye kase grèf pakè Pòtoprens epi pote ale divès bagay ki fè pati kò deli dosye sasinay ki te fèt sou Mèt Monferrier Dorval. Sekretè Jeneral Bawo Avoka Pòtoprens yo, ki t ap entèvni maten mèkredi 21 oktòb 2020 an sou Magik 9 deklare li t ale nan tribinal la ayè pou konstate epi verifye ak grefye tribinal la. Mèt Robinson Pierre-Louis rapòte si yon moun parèt nan grèf la, ou p ap wè se yon kote ki te gen kanbriyolaj paske daprè sa li eksplike pa gen okenn siy ki ka montre vrèman te gen kanbriyolaj ki fèt nan grèf la.

Lè yo te remèt grefye tribinal la dosye Mèt Dorval la te gen yon ti sak ki te genyen tout dokiman ak materyèl ki fòme dosye a ladann tankou telefòn ansyen batonye a ak yon lòt telefòn, lajan, kle, livrè bankè, elatriye. Sekretè bawo pòtoprens la rapòte ti sak sa disparèt tankou bè ki tonbe nan dlo cho. Sepandan Mèt Pierre Louis fè sonje lè yo t ap remèt grefye a dosye yo, yo te dil se telefòn mèt Dorval la ki eleman kle nan dosye a. Erezman grefye a te retire telefòn mèt Dorval la ak yon kòb ameriken yo te jwenn sou li mete yon lòt kote. Malgre gen dosye ki pèdi men telefòn nan la.

Pou koulye a, Jij k ap enstwi dosye a ap tann yon ekspè pou manipile telefòn nan pou dil tout sa k te fèt nan telefòn nan ak ki wout li te fè. Mèt Pierre Louis mande otorite ki pi wo plase yo pou bay Jij la bon jan ankadreman epi mete ekspè a la dispozisyon l pou l kapab fè travay li kòm sa dwa. An menm tan, li mande Prezidan Jovenel Moïse pou bay otorizasyon pou fòme yon komisyon ankèt entènasyonal pou chèche fè limyè sou zak sasinay ki fèt sou ansyen pwofesè dwa konstitisyonèl la.

Mèt Robinson Pierre Louis rapòte tou gen anpil lòt eleman ki pa t fè pati dosye mèt Dorval la, grefye a pa jwenn. Poutèt sa, li ankouraje otorite yo pran desizyon pou sekirize tribinal la ki lage tankou yon savann kote moun antre nenpòt kòman.

N ap fè sonje se pa premye fwa, gen pyès a konviksyon k ap pèdi nan tribinal Pòtoprens. Epoutan jiska prezan, pa menm gen yon kamera siveyans ki ta ka pèmèt otorite yo gen kontwòl sa k ap pase nan tribinal la.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.