ACTUALITÉS

Nou pa p dòmi lanse yon kanpay nan lari kont banalizasyon lavi nan peyi a

Nan kad batay kont koripsyon ak enpinite li toujou mennen anndan peyi a, nou pa p dòmi anonse yon kanpay nan lari pou denonse enpinite ak banalizasyon lavi moun nan peyi a ki kòmanse jounen madi 20 oktòb la.

Nou pa p dòmi leve vwa l pou l denonse machin lanmò ak asasina k ap manje moun toupatou nan peyi a epi mande chanje sistèm politik, sosyal ak ekonomik ki la a, pou byennèt tout moun nan peyi a. Se travay plizyè òganizasyon dwa moun nan peyi a ki pèmèt yo jwenn kantite moun ki mouri, asasine, kidnape, vyole ak timoun ki pèdi manman ak papa yo nan masak politik, daprè sa yo fè konnen.

Kanpay sila lanse nan lide pou denonse sitirans pouvwa PHTK jwenn bò kote peyi ki di yo se zanmi Ayiti. Nou pa p dòmi anonse yo jwenn 944 sitwayen ayisyen mouri asasinen ak bal nan 8 Premye mwa nan ane a, kanpay sa lanse pou dlo k ap koule nan je 214 timoun ki lage san manman, san papa akoz masak, asasina, ki fèt nan peyi a.

Nou pa p dòmi fè konnen soti mwa dawout pou rive jounen jodi a, moun kontinye ap mouri pa pakèt nan peyi a, li envite tout moun kontinye eksprime endinyasyon yo devan konpòtman manfouben dirijan defakto yo ki pa sansib menm pou kadav tibebe

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.