ACTUALITÉS

Prezidan Jovenel Moïse mande pou pri Kewozèn ak Dyezèl la desann prese prese

Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse mande otorite ki gen konpetans pou sa nan peyi a pou desann pri gaz la (Kerosène ak Diesel) san pèdi tan. Chèf Leta a pran desizyon sa a paske pri Kewozèn nan ak Dyezèl la bese sou mache entènasyonal la. Nan yon mesaj li ekri sou kont twitè li jodi a, chèf leta di li te pwomèt pou l fè aplike lwa 9 mas 1995 la ki pale de pri pwodui petwolye yo.

N ap fè sonje nan yon twit chèf leta a te fè nan dat 6 oktòb pase a, li te ekri : « Jan m te anonse l la, pri gaz yo desann. Gazolin lan pral vann 201 goud, Dyezèl la 174 goud nan ponp yo ».

Nan menm twit sa, premye sitwayen nasyon an te fè konnen objektif li se travay pou pèp la ka rale yon souf. Nan sans sa, li te bay garanti l ap batay kont lavi chè a san kanpe pou pri diri, pwa, lwil ak lòt pwodui yo kontinye bese.

Se te nan menm dat 6 oktòb la Prezidan Jovenel Moïse te ekri sou twitè leta ayisyen ap travay pou fè aplike lwa 9 mas 1995 la kòm sa dwa ki gen rapò ak pri gaz yo.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.