SECURITE

“Premye Minis Joseph Jouthe ak Prezidan Jovenel Moïse pa danse kole ak bandi” pawòl PM Joseph Jouthe

Premye Minis Joseph Jouthe rann yon vizit solidarite ak minis komès la, Jonas Coffy jounen lendi 19 oktòb 2020 an. Aprè minis komès ak Endistri a te vizite magazen ki rele ” Canez Construction” semèn ki sot pase a anba Delma kote te gen anpil kout zam ki t ap chante. PM Jouthe ki t al vizite minis komès la kalifye zak sila kòm yon tantativ ki te fèt pou sasinen Minis la.

Pandan vizit sa, chèf gouvènman an fè konnen komisè gouvènman Pòtoprens lan deja sezi dosye a. Li avanse pou l di y ap idantifye koupab yo e prezante yo devan laprès.

Se te okazyon pou Minis Jouthe eksprime sipò li bay minis komès la pandan li felisite travay l ap fè a.

Sou dosye bandi ak zam ki kontwole zòn anba Delma, premye Minis Jouthe deklare li menm ak Prezidan Repiblik la pa danse kole ak bandi ki gen zam nan men yo. Li envite tout nèg ki gen zam nan men yo ak tout moun k ap ba yo zam ak katouch yo pou yo ret nan wòl yo pou kite otorite yo dirije peyi a selon sa lalwa di.

Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la deklare: “Lawouze taye banda se toutan solèy poko leve”.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.