SOCIÉTÉ

Plis pase 69 mil ayisyen kite Repiblik Dominikèn pou vin Ayiti nan mwa septanm 2020 an

69 290 ayisyen retounen nan peyi Dayiti pandan mwa septanm 2020 an daprè Responsab Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR). Moun sa yo ki t ap viv an Repiblik Dominikèn te nan sitiyasyon difisil akoz kowonaviris la ki kontinye ap gaye nan peyi a.

Responsab kominikasyon ak pledwaye GARR la, Geralda Saint-Vil presize nan moun ki retounen yo genyen 49 927 gason, 22 942 fanm, 2 399 tifi ak 3 022 ti gason. Mete sou sa, gentan gen 4 512 moun ki rapatriye pou koumansman mwa oktòb la. Madam Saint-Vil di se yon bagay ki enkonsevab pou yo wè otorite Dominikèn yo kontinye ap pouse do ayisyen mete deyò konsa. GARR kalifye sa kòm yon fòm vyolasyon pwotokòl ki defini ant 2 peyi yo paske pat gen okenn responsab nan leta 2 peyi yo (Ayiti ak Repiblik Dominikèn) ki te prezan pou resevwa moun yo sou fwontyè a.

GARR mande otorite 2 peyi yo asime responsabilite yo epi mande otorite Dominikèn yo pou respekte pwotokòl ki defini fason yo dwe rapatriye migran ayisyen yo.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.