ACTUALITÉS

Fondasyon Lorquet fè Sant Bon Samariten kado yon santèn bwat manje

Fondasyon Lorquet pou yon lòt Ayiti (FOLONHA) fè Sant Bon Samariten ki nan Komin Wanament kado yon sentèn bwat manje (Vita Food) espesyalman soup bwokoli. Don sa antre nan kad pwomès Fondatè-Konseye FOLONHA a, Joël Lorquet te fè sant lan pandan l t al fè yon vizit Wanament nan jou ki te Vandredi 2 oktòb 2020 an. Nan yon kominike li voye bay Impulse Web Médias jounen lendi 19 oktòb la, responsab la presize se Mesye Robert Penette k ap dirije Cross Catholic Outreach ki te ofri Fondasyon an bwat yo. Fondasyon an te voye yo depi lendi ki te 12 oktòb la, yo rive jedi 15 oktòb 2020 an.

FOLONHA gen lide devlope yon zanmitay ak Cross Catholic Outreach pou l kapab fè lòt enstitisyon menm jan an jwenn asistans konsa nan enterè popilasyon an. Responsab FOLONHA a rapòte nan kominike a Sant Bon Samariten gen 44 lane depi l ap fonksyone. Sant la ap fè fas ak gwo difikilte, li gen pwoblèm kòb ak pwoblèm administratif.

Nan kominike a, responsab FOLONHA a revele pandan vizit Joël Lorquet nan Wanament pa twò lontan, li te pwomèt pou l bay enstitisyon an yon bourad epi ede responsab yo nan demach y ap fè pou jwenn èd nan men ONG ak lòt enstitisyon k ap fè zèv nan peyi a. Mesye Lorquet te fè pwomès sa yo apre li te fin chita pale ak Madam Raphaëlle Christianne Jean ki se Direktris Sant Bon Samariten an ki te genyen ak li Mesye Germenson Delmyr, ki se prezidan Jèn Chanm Entènasyonal. Fondatè FOLONHA a te ankouraje yo tou pou yo mande moun k ap viv nan komin Wanament yon kout men pou yo kapab pran swen 37 granmoun ak 17 timoun ki nan sant la.

N ap fè sonje Fondasyon Lorquet pou yon Nouvèl Ayiti te kreye aprè tranblann tè 12 janvye 2010 la. Misyon li se kontribye nan pwojè medikal, edikatif ak sosyal ki vize batay pou yo pa mete pèsonn sou kote (exclusion). Fondasyon an travay nan 4 domèn ki se : Edikasyon, lasante, sosyal ak koperasyon entènasyonal.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.