SOCIÉTÉ

Konbit pou Lapè ak Devlopman plede pou respekte dwa tout moun genyen pou jwenn lamanjay

Jounen vandredi 16 oktòb 2020 an fè 41 lane depi dat sa te konsakre kòm jounen entènasyonal lamanjay. Se yon dwa fondal natal manman lwa peyi a rekonèt nan atik 22 li. Se yon dwa ki gen anpil enpòtans epi ki dwe reyalize san manke yon ti kras. Epoutan nan peyi Dayiti sou chak 100 moun, gen plis pase 42 ladan yo ki pa ka jwenn manje pou yo manje. Nan yon kominike li voye bay Impulse Web Médias (IWM) Jodi a, Konbit pou Lapè ak Devlopman fè konnen se yon sitiyasyon tèt chaje ki ta dwe fè responsab Leta yo sonje obligasyon yo genyen pou respekte dwa popilasyon an, sitou moun ki pi mal yo.

Konbit la rapòte, daprè Komisyon Nasyonal Sekirite Alimantè, gen 42 pou san ayisyen ki pa ka manje kòm sa dwa, sa ki reprezante 4.1 milyon moun ki pa kapab jwenn manje. Se yon bagay moun pa ka rete ap gade ki mande responab yo pou aji san pèdi tan. Direktè ekzekitif Konbit la, Fritznel Pierre fè sonje kowonaviris la lakòz anpil moun pèdi travay yo, mete sou sa pwodiksyon manje a vin bese. Pandan tan sa, pri tout bagay vin monte rive plis pase 20 pou san. Sa vin fè menm moun ki konn travay anpil nan peyi a vin pa ka manje byen.

Sak pi mal la, konbit la di li konstate gouvènman an pa mete anpil kòb pou ministè agrikilti nan nouvo bidjè a. Sa montre gouvènman an pa rann li kont si popilasyon an nan grangou.

Nan okazyon jounen entènasyonal lamanjay la, Konbit pou Lapè ak Devlopman mande dirijan ayisyen yo pran responsablite yo epi mete politik piblik ki pran an chaj dwa fondal natal pèp ayisyen an. Nan sans sa a, Konbit la rekòmande Leta ayisyen pou l aplike prese prese yon seri mezi k ap pèmèt pri manje yo bese, ogmante pwodiksyon agrikòl la nan bay peyizan yo ak moun k ap travay latè yo kredi agrikòl. Anplis de sa, kreye travay pou fè lajan sikile pou popilasyon an kapab jwenn mwayen pou achte manje pou l manje.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.