SOCIÉTÉ

“Fanm riral yo se motè devlopman peyi a” pou selebre jounen entènasyonal Fanm peyizan yo

Nan Kad Yon konferans pou laprès Òganizasyon Reyensèsyon Fanm ki regwoupe pou lavni (ORFRA) bay jounen jedi 15 oktòb la Òganizasyon sila ap plede pou integrasyon tout fanm nan sosyete a. “Pa dwe gen diferans ant fanm lavil ak fanm andeyò”, daprè kòdonatris jeneral la Jolivard Dieudonne.

Nan okazyon jounen entènasyonal Fanm riral ki selebre chak 15 oktòb, ane se anba tèm: ” Fanm riral se motè devlopman peyi a ORFRA ap selebre jounen sila. Òganizasyon ORFRA raple leta enpòtans fanm riral yo genyen nan sosyete a. Daprè li fanm riral pa vle di fanm yo bliye men se fanm k ap fè pwomosyon pou devlopman agrikòl epi goumen pou ensekirite alimantè. Daprè òganizasyon Sila fanm riral yo se motè devlopman peyi a. Se Yo ki toujou ap kiltive latè pou voye manje anba lavil

ORFRA gen Yon mon spesyal pou machann kwabosal yo pandan y ap mande leta ba yo sekirite pou yo goumen anba lavi.

Daprè kòdonatris la genyen tout kalite fanm nan divès aktivite, genyen ki nan inivèsite, ki jounalis, ki nan dwa tou. Yo voye di tout fanm yo gen Plas yo nan sosyete a, yo dwe leve tèt yo kanmenm malgre move sitiyasyon y ap viv.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.