Économie

” Tout ponp dwe ouvè touswit pou popilasyon an ka jwenn sèvis” pawòl Minis Jonas Coffy

Minis kòmès ak endistri a di li konstate tout ponp fèmen pòt yo maten lendi 12 oktòb la. Jonas Coffy di Leta pa responsab anyen nan sitiyasyon sa a. Se yon bagay ki konsène konpayi gaz ak pwopriyetè ponp yo. Pou rezoud pwoblèm sa prese prese, Leta pwopoze pwopriyetè ponp yo ak konpayi gaz yo pou chita pale ansanm.

An menm tan, Minis Coffy pase lòd pou tout ponp ki fèmen yo ouvè touswit pou bay popilasyon an sèvis. Kèlkilanswa ponp ki pa ouvè, ministè kòmès ap retire otorizasyon li genyen pou fonksyone si nou ta kwè deklarasyon Minis la ki di gouvènman an deja pran tout dispozisyon pou aplike lalwa kont tout mèt ponp kap fè wondonmon.

Minis kòmès la deklare: “Si demen madi a rive yon ponp pa ouvè, mèt ponp la mèt tou ale nan Ministè kòmès pou rekoumanse fè demach pou jwenn non kòmèsyal li paske li pap kapab fè okenn tranzaksyon nan bank sou non sa ankò. Ministè a pral ekri tout enstitisyon prive ak piblik pou di konpayi sa yo pa egziste ankò“.

Jonas Coffy di Leta gen responsabilite pou pale ak popilasyon an pou pa kite yo viktim pou granmesi. Pou sa ki konsène lèt ANAPROSS di yo te adrese ak Ministè kòmès la, Minis Coffy di li te mande chèche pou li nan sekretarya ministè a; yo chèche tankou epeng ti tèt maten an, yo pa jwenn lèt la.

Leta pa kapab antre nan konfli prive. Menm lwa ki te bay aksè pou bay ponp yo otorizasyon pou yo fonksyone a se menm lwa sa ki bay dwa pou retire otorizasyon an daprè Minis Coffy.

Nap fè sonje, Asosyasyon Nasyonal Pwopriyetè Estasyon Sèvis yo (ANAPROSS) te deside fèmen tout ponp yo maten an poutèt konpayi gaz yo pa vle ba yo ristoun ankò.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.