Économie

Òganizasyon politik ki di yo nan opozisyon an òganize yon sitin devan Ministè komès jodi a pou desann pri pwodui yo

Divès òganizasyon politik ki di yo nan opozisyon an ki te genyen ak yo yon bann rara òganize yon sitin devan lokal ministè komès ak endistri jounen lendi 12 oktòb la epi ekspoze divès pwodui premye nesesite atè bò lari a devan lokal ministè ak tout pri sou yo.

Gwoup moun sa yo di yo wè dola desann epi pri pwodui yo toujou rete menm jan. Yo deklare: “Si mesye yo pa vle desann diri a ak pri pou yo desann li n ap mande popilasyon achte manyòk, yanm ak patat pou yo pa ale nan pwodui sa yo paske lèt pèpè ak diri pèpè ap touye popilasyon an”.

Yo mande Réginald Boulos tou pou bese pri pwodui nan makèt li a. Daprè sa yo di, y ap batay pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an ki ap viv nan yon sitiyasyon malouk.

Yo mande pou gazolin nan bese a 116 goud, Dizèl la dwe bese a 100 goud e kewozèn nan dwe bese a 75 goud. Yo anonse yon mobilizasyon devan pòt lòt biznis yo nan jou k ap vini yo yon fason pou yo ka tande larezon. Si yo refize, espas biznis yo ka tounen pisin.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.