SOCIÉTÉ

Nasyon Zini mande pou tande vwa tifi yo

Jounen Dimanch 11 oktòb 2020 an ki se jounen entènasyonal tifi yo, Nasyon Zini di li detèmine pou travay bò kote peyi Dayiti pou yo kapab tande vwa ti medam yo, respekte yo epi satisfè bezwen yo.

25 lane aprè yo te fin adopte deklarasyon ak pwogram aksyon Beijing nan, jiskaprezan yo poko janm ka rive nan nivo yo bezwen rive a sitou ak kowonaviris la, sitiyasyon an vin pi malouk.

Se anba tèm “Vwa m, egalite pou demen nou/ Ma voix, l’égalité pour notre avenir” jounen entènasyonal tifi yo selebre ane sa a. Li ofri opòtinite ak tout aktè pou yo travay ansanm pou yo koute epi fè vwa tout ti medam nan mond lan rive pi lwen ak pou ede yo reyalize rèv yo san pwoblèm.

Nan yon kominike li mete deyò jodi a, Nasyon Zini di:” Jan nou te pran angajman ansanm vizavi objektif nou pou nou fè devlopman k ap dire lontan, nou envite chak moun pou koute epi fè tande vwa ti medam yo nan lide pou nou bati yon mond kote yo garanti, respekte ak pwoteje dwa moun genyen pou ale lekòl, dwa pou yo fè sa yo vle ak kò yo, dwa pou jwenn ti moso lasante (sitou sante seksyèl ak repwodiktif) ak dwa pou pwoteje ak patisipe nan tout desizyon kap pran nan peyi yo”.

Nan peyi Dayiti menm jan ak lòt kote, tifi yo viktim anpil vye abi ak pratik ki pa bon pou kò yo ak lespri yo. Sa fè yo pa ka pran responsabilite yo kòm sa dwa, yo pa kwè nan tèt yo ep ak kapasite yo genyen pou fè chwa ki kapab itil yo. Sa anpeche yo ekzèse lidèchip yo.
Pi lwen nan nòt la, Nasyon Zini di dènye enfòmasyon yo genyen montre gen 29 pou san fanm nan peyi a soti nan 15 pou rive nan 49 lane ki sibi zak vyolans depi nan laj 15 zan. 10 pou san nan tifi ki soti nan 15 pou rive 19 lane gentan koumanse fè pitit. Anpil nan ti medam sa yo oblije pa al lekòl ankò, konsa yo vin pa gen mwayen epi yo ekspoze ak tout fòm vyolans. Sitiyasyon sa mande pou nou kontinye batay kont vyolans k ap fèt sou ti medam yo ak pou ranfòse kapasite yo genyen pou pran desizyon pou tèt yo.

Nan finisman kominike a, Nasyon Zini lanse yon apèl bay tout aktè nan peyi a pou mobilize kontribisyon medam yo nan konstrui yon nasyon ayisyèn ki fò epi tout moun egal ego. Li di tou tifi yo nan lemond antye ak nan peyi Dayiti leve vwa yo pou yo di kisa yo bezwen ak anvi yo genyen pou yon wè yon lòt mond. “Li lè, li tan pou tande ti medam yo”

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.