Économie

Moun k al chèche transfè yo ki soti lòt bò dlo pase anpil peripesi devan biwo transfè yo

Depi lè Bank Repiblik Dayiti (BRH) soti sikilè 114-2 ki mande pou biwo transfè yo bay moun yo lajan yo an goud, gen anpil ajan transfè otorize ki deside fèmen pòt. Desizyon sa gen move konsekans sou moun ki oblije deplase ale byen lwen pou jwenn yon ti tchotcho yo voye pou yo.

Anpil moun ki te aksepte pale ak Impulse Web Médias (IWM) sèlman, deklare se yon move desizyon paske yo oblije ale nan biwo transfè ki lwen lakay yo chak fwa yon moun ta fè yon transfè pou yo. Mete sou sa, yo di yo pè pou sekirite yo paske yo kanpe bò lari, yo pa konnen kiyès moun ki ap mete kontwòl sou yo. Yo fè plis pase 2 zèd tan kanpe nan solèy, menm ti gout dlo yo pa t jwenn pou yo bwè. Pandan yo t ap pale ak IWM yo fè remake tou moun yo kanpe pil sou pil, epoutan yo ta dwe respekte distans fizik la pou evite pwopagasyon kowonaviris la.

Moun ki al chache transfè yo plenyen tou poutèt pandan yo kanpe nan liy gen moun ki fè foto yo mete sou fesbouk pou di y ap pale dyaspora mal. Youn nan yo deklare li gen yon semèn depi yo voye 50 dola ameriken pou li, li poko janm ka jwenn li malgre li fè plizyè vwayaj deja nan yon biwo.

Yon pèsonaj ki ka genyen 60 lane konsa ki t ap pale ak IWM fè konnen li pase plizyè kote li pa ka jwenn ti kòb yo voye pou li. Daprè kèk ladan yo, leta te mal poze pwoblèm dola se sa ki lakòz sitiyasyon an vin difisil konsa. Si leta te chita ak tout aktè ki konsène yo, sa pa t ap rive la. Yo deklare: “Dola a desann twò vit. Ak vitès li desann nan olye li rezoud pwoblèm, se kreye li kreye plis pwoblèm. Ayiti repoze sou do dyaspora. Lè biwo transfè yo fèmen sa anpeche moun jwenn lajan yo voye pou yo”. Sitwayen sa yo di yo ta swete leta jwenn yon konpwomi ak sou ajan yo pou yo kapab rezoud pwoblèm sa anvan lontan.

Nap fè sonje daprè sikilè 114-2 a, tout biwo transfè yo dwe bay moun yo lajan yo an goud. Si yon moun ta vle pran transfè li a an dola, fòk li gen yon kont labank an dola. Lè sa a yap transfere kòb la sou kont lan pou li.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.