SOCIÉTÉ

Ayiti/Idantifikasyon: Degajew al fè nouvo kat ou 

A pati 16 oktòb k ap vini la, ansyen kat idantifikasyon nasyonal la p ap valab ankò. Direktè kominikasyon Ofis Nasyonal Idantifikasyon an (ONI) fè konnen dat la toujou kenbe paske jiskaprezan Ministè Jistis poko soti okenn lòt nòt sou sa. Wandy Charles presize ONI ap toujou kontinye fè kat jiska ane 2021 pou rive 2022, men si yon moun poko genyen nouvo kat la li p ap ka fè okenn tranzaksyon ak ansyen an.

Pou koulye a, ONI gentan anrejistre pou pi piti 3 milyon moun nan peyi a epi yo gentan bay 2 milyon kat. Pou sa ki konsène moun ki fè kat ki paka jwenn li, mesye Charles rekonèt kapab genyen pwoblèm nan sistèm enfòmatik la. Nan sans sa, li bay kèk rezon ki ka lakòz sitiyasyon sa prezante. Dapre li menm, sa ka rive kat la te gen yon pwoblèm li poko soti, sa ka rive moun nan te fè kat la 2 fwa epi li bloke nan verifikasyon pou yo kapab konnen poukisa moun nan fè kat la 2 fwa. Konsa tou, kapab gen lòt pwoblèm ki fè kat la pa konplè pou soti, lè sa moun nan pral refè kat la nan yon biwo.

Poutèt sa, Direktè kominikasyon ONI an fè sonje yo afiche 5 nimewo telefòn nan tout biwo ONI yo. Si yon sitwayen te fè kat la ou pa ka jwenn, li kapab rele pou bay doleyans li epi yap fè swivi pou li.

An menm tan, Wandy Charles pote presizyon sou yon foto ki tap sikile sou entènèt ki te montre yon sèl moun genyen 2 nimewo diferan. Daprè li menm, moun yo te mal entèprete foto a paske ap toujou gen nimewo ki diferan sou kat idantifikasyon Nasyonal yo. Li eksplike sèl nimewo ki pap janm chanje sou kat la se nimewo idantifikasyon inik la men nimewo dokiman an ki plase anwo nan bò dwat sou kat la ap toujou diferan sou chak kat.

Si’w poko fè nouvo kat paw la, kouri al fèl nan biwo ONI ki pi pre w la.

 

Foto: Sit Wèb ONI

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.