EDUCATION

Ayiti/Edikasyon: “Pèsonn p ap kapab sèvi ak telefòn nan egzamen nevyèm (9èm) ane fondamantal yo” daprè Meniol Jeune

Pèsonn p ap kapab sèvi ak telefòn nan egzamen nevyèm (9ème) ane fondamantal ki pral fèt nan peyi a soti 12 pou rive 14 oktòb k ap vini an”. Direktè Jeneral Ministè Levasyon Nasyonal la ki bay enfòmasyon an presize se sèlman responsab sant egzamen yo k ap kapab sèvi ak telefòn yo si toutfwa ta gen ijans pou sa. Meniol Jeune anonse gen anpil dispozisyon yo pran pou pèmèt egzamen an byen pase. Li di pa gen okenn moun k ap kapab antre nan espas kote egzamen yo ap fèt la ak zam, tout elèv ki pral konpoze dwe mete inifòm, si yo ta jwenn yon elèv ap pran poul osinon li ta gen move konpòtman yap annile fèy li a.

Mesye Jeune deklare tout moun yo ta jwenn ak prèv nan menl nan sant egzamen yo osinon arebò sant yo, yap kenbe l epi remèt li bay otorite yo pou yo fè sa yo dwe fè ak li. Li fè konnen ministè a fè tout sal kapab pou tout bagay kapab byen pase.

Sou bò pa l, responsab Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo eksplike tout bagay fin pare nèt nèt. Koulye a se direktè lekòl yo kap distribye fich bay kandida yo.

Pou depatman Lwès la sèlman, Renan Michel di gen 98 777 kandida ki pral patisipe nan egzamen yo, Nò 22 047, Latibonit 25 188, Sid 11 363, Grandans 6 442, Sidès 8 594, Nòdès 9 427, Nòdwès 12 146, Nip 6 420 ak depatman Sant ki genyen 13 951 kandida pou egzamen 9èm Ane fondamantal.

Nap fè sonje soti 12 pou rive 14 oktòb 2020 an se pa sèlman egzamen 9èm ane kap genyen. Ap genyen egzamen pou Ekòl Nòmal Enstititè (ENI) al Sant Edikasyon Familyal (SEF/CEF).

 

Foto| Achiv

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.