POLITIQUE

Pa gen negosyasyon kap fèt ant pouvwa ak opozisyon an

Pati politik ki nan opozisyon demokratik la kap travay ansanm pou retire peyi a nan kriz plizyè dimansyon lap travèse a di yo sezi aprann prezidan Jovenel Moïse endui anbasadè Etazini nan Nasyon Zini, Madam Kelly Craft nan erè lè l fèl kwè li gen pou chita pale ak pati politik ki di yo nan opozisyon yo. Nan yon nòt yo voye bay IWM, pati sa yo di yo vle retabli laverite epi y ap fè tout nasyon an konnen, kominote entènasyonal ak tout lòt peyi ki di yo se zanmi peyi Dayiti yo pap negosye ak Pouvwa an plas la.

Moun ki siyen nòt la kwè pa gen okenn solisyon yap jwenn kap dire lontan si demokrat yo patisipe ladann paske y ap goumen depi anpil ane pou fè respekte konstitisyon an ak lòt lwa ki genyen nan peyi a. Yo fè konnen y ap batay tou pou fè respekte dat 7 fevriye 2021 an ki se lè manda prezidan Jovenel Moïse ap fini.

Demokrat ayisyen yo dwe prese prese mete tèt yo ansanm pou remete peyi a sou ray demokrasi. Se poutèt sa dwe gen bon jan chita pale ki fèt, san retire pèsonn, ak tout moun ki ta renmen wè enstitisyon yo ap byen fonksyone nan peyi a. Moun ki siyen nòt la di se sèl bagay ki kapab kreye kondisyon pou ayisyen yo deside nan tèt kole kisa yo vle chanje nan manman lwa peyi a. Epi kouman yo pral chwazi lib e libè moun ki pou vin dirije peyi a.

An menm tan yo ekri nan nòt la chita pale san fòs kote se sèl bagay ki kapab retire peyi a nan sitiyasyon politik malouk ki la depi lontan ki anpeche nou avanse epi ki lakòz Ayiti tounen yon menas pou lòt peyi ki pi pre l yo.

Se move fason gouvènman an ap dirije peyi ak deriv lap fè yo ki lakòz nou tonbe nan katchouboumbe sa a. Mete sou sa, mannèv yap fè pou mete sou kote yon seri aktè majè nan klas politik la ak sosyete sivil la pap pèmèt yo jwenn yon solisyon ki dire lontan. Se fè y ap fè pèp ayisyen an soufri pou granmesi.

Moun ki siyen nòt la se:
Edmonde Supplice Beauzile : PFSDH (FUSION)
Youri Latortue :AAA
Paul Denis :INIFÒS
Nenel Cassy : SDP
Edgard Leblanc Fils : OPL
Génard Joseph :Verite
Kenol Mathieu: Veye Yo
Sorel Jacinthe :INITE

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.