SOCIÉTÉ

Katouch ki touye Grégory Saint-Hilaire a soti nan yon fizi ‘’colt M4’’ selon Fondasyon Je Klere

Fondasyon Je Klere (FJKL) kondane zak sasinay ki fèt sou etidyan Grégory St-HILAIRE anndan espas lekol Nòmal Siperyè a. Yon espas moun pa gen dwa vyole epi ki gen responsabilite pou fòme moun pou sistèm edikatif la nan peyi Dayiti. Zak sasinay sa ajan Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal (USGPN /ISJPN) la fè vandredi 2 oktòb 2020 an se youn nan gwo atak USGPN nan fè deja sou sant inivèsitè sa pou toufe revandikasyon etidyan yo. Anpil fwa revandikasyon sa yo ta sanble pa an favè pouvwa an plas la nan je polisye sa yo epoutan yo gen misyon pou pwoteje ak sèvi popilasyon an.

Nan yon kominike li voye bay Impulse Web Médias, FJKL presize katouch ki touye Grégory a soti nan yon fizi ‘’Colt M4’’. Colt M4 la se yon zam fòs espesyal nan lame yo konn itilize lè yo nan lagè. Atake yon sant inivèsitè ak zam lagè se yon krim pèsonn moun pa kapab aksepte. FJKL panse yo te kapab evite krim sa si responsab yo te reponn ak revandikasyon etidyan ki fin fè etid yo nan lekòl Nòmal Siperyè a kap reklame sèlman dwa yo genyen pou fè estaj ak travay jan Leta te pran angajman pou sa.

Fondasyon an mande poukisa yap mete moun ki pa kalifye ap anseye nan lekòl piblik yo lè se depite ak senatè ki mande sa epitou pwofesyonèl leta fòme, ki gen kapasite pa ka jwenn travay ? Kisa USGPN te vin chèche nan mouvman pwotestasyon etidyan yo k ap mande pou antre yo nan administrasyon piblik la apre fòmasyon yo ? FJKL mande tou èske polisye ayisyen yo sou tèt konstitisyon an, lòt lwa ki genyen nan peyi a ak konvansyon entènasyonal Ayiti ratifye yo ?

Daprè responsab yo nan FJKL, si yo te sanksyone vye zak ajan USGPN yo te fè sou lekòl Nòmal Siperyè a nan dat 20 novanm 2019 ak 13 mas 2020 pase a, jounen jodi a pa tap gen plenyen pou zak sasinay sa ankò. Krim sa se rezilta enpinite ajan k ap bay palè nasyonal yo sekirite ap jwi.

FJKL kondane vye konpòtman polisye yo ki plis detèmine pou pwoteje pouvwa olye pou yo ta pwoteje popilasyon an. Fondasyon an mande poukisa polisye sa yo pa al pote moun Bèlè sekou pito kap kouri kite lakay yo poutèt gang ki pwòch pouvwa ap ba yo pwoblèm. Chwa sa montre yo vle transfòme polis nasyonal la an milis prive.

Aprè anpil kesyon li poze nan kominike a, FJKL mande lajistis pou fè tout sa l kapab pou reponn li kesyon yo pou vye zak sa yo pa repete ankò, idantifye epi chèche tout moun ki gen dwèt yo tranpe nan lanmò Grégory Saint-Hilaire pou yo kapab jije kòm sa dwa. FJKL mande Ministè Edikasyon Nasyonal pou l respekte pwotokòl akò li te siyen ki bay etidyan yo dwa pou yo fè estaj epi nome sila yo ki fini etid yo nan ENS la nan lekòl piblik yo.

Si yo respekte pwotokòl akò a, FJKL kwè sa kapab mete yon bout nan dezakò ki genyen ant etidyan yo ak ajan USGPN yo ki pa tolere moun kritike pouvwa a. Pou fini, fondasyon an prezante senpati li bay paran, zanmi, kanmarad Grégory Saint-Hilaire ak tout kominote inivèsitè a lanmò sa frape.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.