SANTÉ

Kowonaviris : Larisi anrejistre 11 115 nouvo ka pou yon jounen

Nan peyi Larisi responsab yo nan zafè lasante fè konnen yo anrejistre 11 115 nouvo ka konfime nan kowonaviris la pou jodi mèkredi 7 oktòb la. Pou koulye a genyen 1 248 619 moun ki gentan trape viris la depi lè l te rive nan peyi sa a.

Nan yon atik ajans kap bay nouvèl sou entènèt, Reuters pibliye jodi a, yo rapòte gen 202 moun anplis ki mouri nan Larisi. Sa ki vin bay yon total 21 865 moun ki gsientan mouri depi koumansman kriz sanitè a.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.