SOCIÉTÉ

Enspeksyon Jeneral Polis la ap mennen ankèt sou lanmò Grégory Saint-Hilaire

Responsab yo nan Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal (IGPNH/EJPN) la prezante, jounen lendi 5 oktòb la, bilan travay yo reyalize pou mwa septanm 2020 an. Marie Michelle Verrier ki t ap pale nan non enstitisyon an anonse Biwo Byennèt pou Polisye yo deja antre an kontak ak madanm polisye Marc Jerry Michel ki mouri paske li pa t konnen ki kote pou li te ale aprè lanmò mari l. Sa te lakòz li ale nan yon estasyon radyo, enspeksyon jeneral polis la ki t ap tande madanm nan te mande Biwo Byennèt pou Polisye yo ki nan direksyon jeneral PNH la pou chèche antre an kontak li pou yo ka fè tout suivi ki nesesè yo.

Nan sa ki konsène lanmò etidyan Ekòl Nòmal Siperyè, Grégory Saint-Hilaire enspeksyon jeneral la deja fè yon sezin dofis (Saisine d’office) depi nan menm sware a paske se sou la polis yo lonje dwèt nan lanmò etidyan an. Pou koulye a, ankèt la ap kontinye. Nan jou kap vini yo, popilasyon an ap konnen ki suivi ak rekòmandasyon ki fèt pou sa ki pase a daprè sa Enspektris Verrier deklare.

Yon lòt kote li rapòte Enspeksyon jeneral la deja idantifye polisye ki te kase ponyèt sitwayen Patrick Benoît a. Polisye sa a deja fin reponn keksyon Enspeksyon jeneral, dosye a transfere devan pakè pou polisye sa a kapab al reponn keksyon lajistis.

An menm tan, Marie Michelle Verrier revele gen anpil polisye ki fè bon travay. Enspeksyon jeneral polis la konsidere moun sa tankou modèl pou lòt polisye. Poutèt sa, enspeksyon an remèt yon sètifika bay Polisye Ezechiel Alexandre jodi a ki montre klè polisye sa a blanch kou koton. Li pa foure kòl nan okenn move bagay. Madam Verrier ankouraje polisye Ezechiel poul kontinye fè travay li byen epi toujou yon modèl pou lòt polisye ak lòtmoun nan sosyete a.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.