SANTÉ

Kowonaviris : Bresil resanse 11 946 ka nan yon jounen

Ministè Sante nan peyi Brezil rapòte yo resanse 11 946 nouvo ka kontaminasyon nan kowonaviris pou ayè lendi 5 oktòb la.

Selon done gouvènman Brezilyen an, gen plis pase 4,92 milyon moun ki gentan enfekte nan peyi sa a depi lè epidemi an te koumanse.

Otorite yo nan zafè lasante, an menm tan, siyale gen 323 moun anplis ki mouri nan kowonaviris la. Sa ki vin bay yon total 146 675 moun ki deja mouri nan peyi Brezil ak viris la.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.