JUSTICE

Asasina Grégory Saint-Hilaire, kèlkilanswa orijin nou ak aktivite nou, nou dwe di NON

Komite Suivi Siyati Deklarasyon 21 Dawout 2020 an eksprime endiyasyon l’ kont krim san parèy ajan polisye USGPN komèt sou etidyan Ekòl Nòmal Siperyè (ENS), Grégory Saint-Hilaire nan dat 2 oktòb 2020 an paske li tap revandike dwa l’ pou entegre li nan sistèm edikatif la. Nan yon nòt li mete deyò jodi a 5 oktòb la, komite a fè konnen zak kriminèl sa rive anndan inivèsite a menm ki se yon espas envyolab daprè lalwa.

Selon Komite Suivi Siyati Deklarasyon 21 Dawout 2020 la asasina etidyan an dwe revòlte konsyans tout sitwayen ak sitwayèn nan peyi a e zak sila a montre aklè nan ki nivo diktati a vle retounen nan peyi a. ‘’Si nou pa leve kanpe pou frennen deriv pouvwa sanginè Jovenel Moïse/PHTK a, pita va pi tris’’ se sa nou li nan nòt la. Se poutèt sa, pandan nap prezante solidarite nou ak senpati nou bay fanmi, kanmarad ak zanmi etidyan viktim nan, komite a ap fè sonje bò kote mobilizasyon ak pwotestasyon, ijans lan se jwenn yon akò nasyonal kid we sèvi baz tranzisyon pou retounen peyi a sou chimen demokrasi.

Pi lwen, komite a mande etidyan yo ak sosyete a rete vijilan devan mannèv ak divèsyon pouvwa deja ap fè pou nwaye krim sila nan itilize ekspresyon: Faits averés pou defann krim inakseptab sa. An menm tan, Komite a ajoute konsyans tout sitwayen dwe revòlte kont yon pouvwa kap simen laperèz ak tèrè toupatou pou pwofite regle zafè malonèt li yo. Toujou daprè nòt la, asasina etidyan Grégory Saint-Hilaire a pa ta dwe kite pèsonn endiferan. Nou tout ansanm, kèlkilanswa orijin nou ak aktivite nou, nou dwe di NON.

Pou fini, Komite Suivi Siyati Deklarasyon 21 Dawout 2020 la di lap makonnen vwa l ak vwa sosyete a pou leve kanpe kont tout zak asasina rejim kriminèl PHTK fè, sou etidyan Grégory Saint-Hilaire, pwofesè Monferrier Dorval ak tout lòt krim ak masak sou popilasyon an nan katye popilè yo

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.