Économie

Ekonomis Enomy Germain pote presizyon sou “to chanj lan ak nouvo bidjè ekzekitif la” pou ane fiskal fenk kòmanse an.

 

Nan yon konferans pou laprès PDG fim konsiltasyon PwoEko Ayiti,  ekonomis Enomy Germain te bay Jodi lendi 5 oktòb la nan otèl « le Plaza », li fè konnen to chanj lan te inogire aprè bank santral te fin injekte 12 milyon Dola Ameriken sou mache lokal la nan dat 12 dawout pase a. Pifò bès to chanj lan te fèt nan semèn 5 septanm pou rive 12 septanm daprè ekonomis lan.

Enomy Germain avanse pou l di malgré to a bese, men gen Yon pwoblem chanj nan peyi a e li mande pou otorite monetè yo panse estabilize to chanj la. Pou estabilize l BRH dwe kontinye fè enjeksyon pandan l apiye sou sikilè 114-2 a pou pèmèt bank lan jwenn mwayen.

Sou kesyon nouvo bidjè a, Enomy Germain felisite gouvènman sou projeksyon li fè pandan 3 zan k ap vini la. Li ankouraje leta pou ranfòse kapasite sou indistri lokal yo pou yo pwodui sa ki ka mennen ak enflasyon an.

Ekonomis la fè konnen tou genyen anpil enkyetid sou nouvo bidjè nasyonal la daprè li menm ki pa kadre ak reyalite peyi a. Nan sans sa, li lanse yon apèl pou leta byen itilize dèt l ap fè yo.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.