EDUCATION

Gouvènman prevwa ajiste salè pwofesè yo epi peye yo aryere salè yo dapre Minis Pierre Josué Agénor Cadet

Nan okazyon 23èm Jounen mondyal anseyan yo, Jodi 5 oktòb 2020 an, Minis Edikasyon Nasyonal la salye e remèsye tout anseyan pou sipò yo ak angajman yo bò kote timoun pou yo te pèmèt yo reprann chimen lekòl apre tout peryòd difisil ane sa a.

Sòti nan peryòd peyi lòk rive sou pandemi COVID-19 lan, lekòl pran anpil kou e timoun yo soufri anpil nan rete chita lakay yo. Pierre Josué Agénor Cadet dil kontan wè anpil anseyan koumanse konprann dwa pou edikasyon nan tout sikonstans timoun yo genyen fòk nou pwoteje yo e defann yo malgre divèjans nou ka genyen sou kèk dosye. Konpreyansyon sa a enpòtan anpil paske pa gen anseyan san lekòl, san prezans timoun yo nan sal klas yo.

‘’Nou tout dwe dakò sou sa e toujou bay bourad pou lekòl rive mache kòmsadwa nan enterè timoun yo ak tout sosyete a’’ se sa Minis la deklare nan yon mesaj li adrese ak anseyan yo jodi a. Minis Cadet fè sonje anseyan yo se poto mitan yon sosyete, se yon gid, se yon moun kap fòme lòt moun pou prepare avni sosyete a, se yon lidè. Poutèt sa, li enpòtan pou anseyan yo byen jwe wòl yo pou ede sosyete a vanse pi devan nan bon jan ankadreman y ap bay timoun yo.

‘’Nan moman kote gen pwoblèm ak latwoublay politik e gwo kriz sanitè mondyal ak kowonaviris la, se nan moman difisil sila yo pou anseyan yo jwe wòl yo tout bon e kontinye akonpaye timoun yo e pèmèt aprantisaj yo kontinye fèt malgre anpil difikilte’’ selon Minis la.

Nan sans sa, Minis Cadet salye yon gwo potorik gason ki se Jean Marie Pierre, yon sendikalis nan tout sans, yon moun tout bon ki gen respè pou tout moun e ki kwè nan dyalòg, nan chita pale ansanm pou eseye chanje ansanm sa ki dwe chanje nan lekòl la nan peyi a e pou amelyore kondisyon anseyan yo.

Minis la prezante Jean Marie Pierre kòm yon gwo edikatè ki fòme anpil jèn, yon modèl ki ta dwe enspire anpil jèn anseyan ak sendikalis jounen Jodi a. Li mouri samdi 3 òktòb la apre li tap soufri anba yon maladi.

‘’Gen anpil jefò ki fèt sou administrasyon Prezidan Jovnel Moise la pou pèmèt majorite anseyan jwenn lèt yo e rive touche lajan yo’’ si n ta kwè deklarasyon Minis Edikasyon Nasyonal la ki di gen anpil lòt dosye yap travay ansanm sou yo pou vanse ak revandikasyon anseyan yo. Yap travay nan sans sa ansanm ak sendika anseyan pou nou vanse tipa tipa nan satisfè revandikasyon yo.

Minis la kontinye poul di Gouvènman deja prevwa yon ajisteman salè pou pwofesè yo nan bidjè a ak lajan pou peye aryeye salè yo. Konsa, li mande anseyan yo pou travay ansanm nan tèt frèt, respè youn pou lòt pou nou chanje ansanm sa ki pou chanje ak resous ki disponib pou sa.

Ministè edikasyon nasyonal pran angajman ak sipò administrasyon MOISE-JOUTHE la, pou travay ansanm ak sendika anseyan yo pou revalorize kondisyon anseyan yo. Se pou sa, li envite tout responsab sendika anyeyan yo, yon lòt fwa ankò, pou kontinye dyalòg sosyal ki komanse a, pou metye anseyan reprann valè l e ranfòse pi plis.

Nap fè sonje se anba tèm « Enseignants : leaders en temps de crise et façonneurs d’avenir » UNESCO ap selebre jounen mondyal anseyan yo ane sa a. Se yon okazyon pou salye moun sa yo kap oryante jèn yo sou chimen konesans ak libète . Li fini poul di Onè ak Respè pou tout anseyan yo.

Chapo ba pou tout anseyan yo ! Viv edikasyon

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.