POLITIQUE

Plizyè pati ak òganizasyon politik pran pozisyon kont nouvo KEP a

Nan yon nòt yo mete deyò , divès pati ak òganizasyon politik montre yo pa dakò ak nouvo Konsèy Elektoral Prezidan Jovenel Moïse fòme a. Men kisa yo ekri nan nòt la:

Nou Pati ak Òganizasyon politik k ap travay pou konstwi demokrasi nan peyi a yon mannyè pou ofri pèp ayisyen yon Leta ki kapab kwape chomaj, grangou, vyolans ak malsite tout kalte;

Nou Pati ak Òganizasyon politik ki pran pozisyon piblik ansanm anfas rejim PHTK a ak alye li yo k ap demantibile plis chak jou tout enstitisyon peyi a, nou choke anpil devan zak dèyè do lalwa Prezidan Jovenel Moise poze nan lanwit 18 Septanm 2020 an ak arete No 151/175e Ane, ki parèt nan jounal Le Moniteur, ki ofisyalize, nan atik 1e li, non 9 manm yon KEP, Konsèy Elektoral Pèpè, ki vyole atik 289 Konstitisyon peyi a, ki rekonèt yon sèl fason pou deziye manm KEP annatandan yon Konsèy Elektoral Pèmanan kanpe. Atik 2 arete sa, ofisyalize misyon KEP dezagreman an nan ba li manda:

1.- òganize referandòm pou bay peyi a yon lòt Konstitisyon;
2.- òganize eleksyon lokal, minisipal, lejislatif ak prezidansyèl;
3.- òganize eleksyon pou tout lòt pòs ki ka vin lib, annatandan mete kanpe yon Konsèy Elektoral Pèmanan.

Nou denonse Prezidan Jovenel Moïse ki kontinye ap vyole Konstitisyon peyi a epi kreye kondisyon pou kriz la agrave. KEP tèt anba sa mouri nan pasaj. Li fèt sou vyolasyon Konstitisyon an; li gen manda pou al kontinye vyole Konstitisyon an, ki li menm, nan atik 284.3 li, di: « Toute consultation populaire tendant à modifier la constitution par voie de référendum est formellement interdite. »

Pati ak Òganizasyon politik yo sezi wè kijan ak Arete enkonstitisyonèl, ilegal sa, Prezidan Jovenel Moïse pwouve li se yon diktatè, ki kwè li gen tout pouvwa aprè Bondye. Li kapab fè sa l vle, jan l vle san respè pou lalwa depi enterè patwon l yo pa menase. Nasyon an dwe rete veyatif anfas Prezidan Jovenel MOÏSE k ap planifye vyolasyon atik 284.4 Konstitisyon an ki entèdi tout amandman ki ka deranje karaktè demokratik ak repibliken Leta a.

Prezidan Jovenel ki konnen manda li ap bout 7 Fevriye 2021, li bezwen bay tèt li plen pouvwa, jan li bay tèt li pouvwa kreye sektè nan sosyete a, san pèsonn pa konnen ki gwoup òganize ki anndan sektè sa yo, ki òganizasyon ki deziye moun ki pou rantre nan swadizan KEP a ak 9 endividi san lejitimite. Mannèv mouche Jovenel Moïse la vle mete n devan yon blackout politik total kapital epi anfose peyi a nan katchouboumbe.

Pati ak Òganizasyon Politik yo pran ak, diktatè Jovenel Moïse pa ezite pase konstitisyon an anba pye l avèk yon senp mezi reglemantè pou l fè dappiyanp sou pwosesis elektoral la, kontwole l jan l vle, chwazi moun li vle pou rive sou pouvwa a, bay rezilta li vle nan kad yon eleksyon malatchong, eleksyon pike kole, eleksyon seleksyon li menm ak mèt li yo deside pou malè Ayiti.

Nou konstate aprè konfyolo kat idantifikasyon nasyonal Dermalog-Martine Moïse la, nouvo diktatè ayisyen an franchi avèk Arete de grenn gòch sa a dezyèm etap plan makab li genyen an pou bay panzou epi dechalbore tout enstitisyon nan peyi a, kraze tout pwogrè pèp Ayisyen an rive fè nan konstriksyon demokrasi pou peyi a pandan 34 dènye lane sa yo. Jovenel Moïse pwouve li se yon danje pou avni demokrasi ak devlopman tout moun reve pou Ayiti a.
Jounen jodia, pwojè diktatoryal la klè, Jovenel Moïse pa kapab maske ankò. Se pa de atik nan Konstitisyon an li voye jete: Atik 284-3 ki entèdi referandòm sou Konstitisyon nan peyi a, atik 136 ki oblije Prezidan repiblik la respekte, aplike epi fè aplike Konstitisyon ak tout lwa peyi a, atik 150 ki di prezidan pa kab bay tèt li plis pouvwa pase sa Konstitisyon an ba li. Dènye aksyon deregle sa, rann Prezidan Jovenel MOÏSE koupab pou krim trayizon kont Nasyon an daprè atik 21 manman lwa peyi a.

Pati ak Òganizasyon politik ki siyen nòt pou laprès sa kondane ak kout fòs yo, zak maspinay Jovenel Moïse ap tante fè sou peyi a epi mande li prese prese antre Arete lawont sa.
Kou sa pap pase!

Pati ak Òganizasyon politik sa yo deside batay ak tout fòs yo pou bloke pwojè koudeta eletoral PHTK a pandan yap mande tout demokrat, tout patryòt nan peyi a mache kontre prese prese pou di Jovenel Moïse NON! Epi ba l repons dènye provokasyon sa a merite.

Viv demokrasi ak pwogrè pou pèp Ayisyen !
Viv Ayiti !

Pou Pati ak Òganizasyon Politik yo

Edgard Leblanc Fils : OPL
Edmonde Supplice Beauzile : PFSDH (FUSION)
Sadrac Dieudonne : MOCHRENHA
Kénol Mathieu : VEYE YO
Paul Denis : INIFÒS
Marjory Michel : SDP
Youri Latourtue : AAA
Génard Joseph : INITE
Sorel Jacinthe : VÉRITÉ

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.