SANTÉ

Ovilasyon

 

Tout tan nap tande mo sa men toujou gen anpil moun ki pa konprann li, anpil moun konfonn glè sèvikal ke fi an bay nan moman ovilasyon a ovile, genyen ki konfonn li a sekresyon vajinal lè yo eksite lè yap fè sèks, etc..

jodya m pral pale nou an laj kisal ye…
kisal ye? ki jou fi ovile? kisa w ap santi lèw ap ovile?kijan pou w kontwole sik ou? kijan pou w kontwole lè w ka tonbe ansent?

ou ta renmen fè yon fi oubyen yon gason? nan fen tèks la nap ba w yon teknik pou w aplike…

Kisa l ye?
Se ekspilsyon de sa yo rele “ovosit II” a nan yon folikil nan ovè(òga’n ki pèmèt fi an ovile) a, se sèl moman fi a ka ansent…depiw pa ovile ou pap ka ansent

Ki jou yon fi ka ovile ?
fi ovile 14 jou avan règ…

Kay yon fi ki gen sik 28 jou ,li gen anpil chans pou l ovile sou 14 èm jou

– si pa egzanp sik li se 30 jou wap mwens li pa 14 ,li gen anpil chans pou w ovile 16 èm jou an

-si w pa regilye ou pa ka fè okenn kalkil, men siw konn konbyen jou li dire wap mwens li pa 14, lè w mwens pa 14 wap jwenn jou wap ovile a.

siw bezwen konn konbyen jou sik ou dire wap konte de jou règ la vini an a jou ki vin avan pwochen règ la

– an gwo nonb de jou ki espase 2 fwa ou gen reg siw gen reg 19 fevriye pa egzanp li tounen 19 mas ou gen yon sik 28 jou

si chak fwa ou toujou gen règ ou aprè menm nonb de jou an, lè sa yo di w regilye, men sil vin lè l vle ou iregilye

Kisa w ap santi lè w pral ovule?
-Ou konn wè tetew gonfle
-libido(anvi fè sèks) ou ogmante

-klitow konn vin pi sansib, se moman pouw pi mefye kòw siw pa vle tonbe ansent , oubyen pou w antre nan relasyon si w vle ansent, lè w remake ou sou fè sèks…

– tanperati w chite briskeman aprè li ogmante

-wap remake Glè sèvikal la , se li ki pèmèt spèmatozoyid la kontre ovosit II a li vin pi file e pi transparan li ba w aspè blan ze kri…

– Kijan pou w kontwole si w ka tonbe ansent?
Avan w fèl fòw regilye, sa vle di fòk sik ou gen yon kantite jou byen detèmine, si sik ou se 28 jou wap ovile nan 14 eme jou a kòm spèmatozid lan konn rive jiska 4 a 5 jou nan twonp lan avan ovilasyon an, siw antre nan relasyon 9eme ou 10 eme jou an avan ovilasyon an (nan ka sik 28 jou 9eme ou 10eme jou aprè règ) ou ka ansent

– si pa egzanp sik la se 30 jou si w antre nan relasyon 11eme ou 12 eme jou avan ovilasyon an ou ka ansent

se pa ko fini fòw kontwole ovosit II a kounya li ka fe ant 24 a 48 hr sa vle di si 1 a 2 jou aprè ovilasyon ou antre nan relasyon ou ka ansent

– an rezime
Siw gen yon sik 28 jou ou gen ant 9 eme ou 10 eme jiska 16 eme jou ou ka ansent

siw se 30 jou ou gen ant 11 ou 12 eme jiska 18 eme jou an ou ka ansent

ou gen anviwon 7 jou ou ka ansent chak sik, se pa tout lè spèmatozoyid lan ka fè 5 jou, li ka fè 24 hr ou 48 hr , ni ovosit II a ka fe 2 jou li ka fe yon jou aprè l mouri

an gwo 7 jou an son entèval yo rele sa “peryòd fegondité” (periode de fecondité)

– Ou ta renmen gen yon fi oubyen gason?
sa son tewori ki gen anpil syantifik ki kontredi l men konsa tou li mache pou anpil moun…

si w antre nan rapò jou ou ap ovile a ou gen anpil chans pou w fè yon gason paske spèmatozoyid a potansyalite maskilen yo pi rapid men yo mwen rezistan…

siw vle yon fi, antre nan relasyon kèk jou avan ovulation an paske spèmatozoyid a potansyalite feminen yo mwen rapid men yo pi rezistan.

Pa bliye kijan pou w kontwole dat ovilasyon ou mwens nonb de jou sik la pa 14 si w regilye, si w pa regilye ou pa ka fè sa men ou ka veye siy ovilasyon yo

NB: metòd sa pa asire a 100% gen anpil bagay ki ka ba w yon derègleman tankou strès pa egzanp ou ka ovile avan lè oubyen li fèt an dezòd oubyen ou pa ovule menm

pa bliye aprè 12 mwa rapò san pwoteje siw pa ansent , ou dwe al kay Dr pwoblèm nan ka sot nan ou oubyen patnè an…

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.