ACTUALITÉS

Ayiti – Jistis Andre Michel pran pozisyon sou arestasyon polisye BLTS la . Impulse Web Medias envite w li teks sila

Pozisyon pa mwen sou Arestasyon Polisye BLTS Pascal Alexandre ki fèmen aktyèlman nan DCPJ

Depi Vandredi swa gwo otorite nan Leta a fè arete epi fèmen nan Prizon Polisye Pascal Alexandre ki nan BLTS epi ki sòti nan 24 ème Promosyon. Zak sila a se yon zak gwo ponyèt ki pa kadre ak Lalwa. Zak Sila a se yon pwovokasyon ki pa nan enterè kò Polis la. Enfòmasyon nou rive Jwenn nan bon ti mamit, Espeksyon jeneral ak DCPJ pase 2 jou, 2 nwit ap poze Pascal Alexandre kesyon sou koze Sendika nan Lapolis la ak koze 509 Fantom.

Nou denonse ak tout Fòs nou arestasyon Polisye Pascal Alexandre. Yo pa gen dwa arete yon Polisye paske li Dakò pou gen yon Sendika nan Lapolis la. Yo pa gen dwa arete yon Polisye paske li gen menm revandikasyon ak Fantom 509 yo. Yo pa gen dwa arete yon Polisye paske Lap mande Pou Polisye yo touche 50 mil goud ak 25 mil goud sou ti kat la. Yo pa gen dwa arete yon Polisye kap mande bon jan kondisyon travay.

Nou aprann minis Jistis ak Premye Minis de Fakto a gen tan bay lòt pou al fèmen nan Penitansye Nasyonal polisye Pascal Alexandre. Kou sa a pap pase. Nou mande Liberasyon Polisye Pascal Alexandre prese prese.

André Michel, avoka, defansè dwa moun endepandan.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.