ACTUALITÉS

Covid-19 Kèk selebrite ak pèsonalite piblik ki kontamine nan mond lan!

Senp sitwayen pa sèl moun ki viktim nan pandemi kowonaviris la ki kontinye ap gaye kò l atravè mond lan, anpil selebrite yo menm tou kontamine nan maladi sa. Nan mond espò a, sinema, amizman ak politik la, se plizyè gwo pèsonalite ki fè konnen dènye jou sa yo teste pozitif ak kovid-19 lan.

Li pa yon sekrè pou pèsonn kowonaviris la kontinye ap ouvè kò l jan l vle, kote vle nan mond lan. E pèsonn pa epanye, selebrite yo tou tonbe anba souflèt pandemi sa a.

Vandredi 27 mas 2020 an, Downing Street, ki se rezidans ofisyèl premye minis Britanik lan, Boris Johnson, anonse chèf gouvènman britamik lan kontamine ak kowonaviris lan. Dirijan konsèvatè a ki gen 55 lane, ki te prezante « sentòm ki pa grav » deklare l ap kontinye batay pou fini ak pandemi kowonaviris la nan peyi wayòm-ini.

Mèkredi 25 mas pase a, sèvis Prince Charles la te anonse eritye pou kouwòn britanik la enfekte tou, men pat prezante « sentòm ki grav ».

Prince Albert II nan Monaco li menm tou teste pozitif, men eta sante l pa grav, daprè anons palè prensye a te fè 19 mas pase a.

Ansyen Prezidan peyi Fennland lan, kise tou pri Nobel Lapè 2008, Martti Ahtisaari, 82 lane, kontamine ak kowonaviris lan, li lopital sou kontwol medsen.

Toujou nan lis non selebrite nan mond la ki kontamine nan kowonaviris la, nou jwenn aktivis ekolojis swedwaz Greta Thunberg, ki te fè konnen, madi 24 mas pase a, li « ta » genyen viris la, aprè li te fin santi kèk sentòm ki defini maladi a, touswit lè li te sòti nan yon vizit nan Ewòp santral la.

Nan peyi Dayiti, chantè trè popilè, Roody Roodboy, li menm tou te genyen kowonaviris la. Se Otorite nan leta a ki te anonse nouvèl la, jedi 19 mas pase a. Responsab yo nan ministè sante piblik te pran atis la anchaj. Kounye a, Roody Roodboy se premye moun, nan peyi Dayiti, ki geri aprè l te fin genyen kowonaviris lan.

Menm jan ak tout lòt sektè yo, mond espò a li menm tou frape ak Kowonaviris la :

Plizyè jwè Juventus Turin deklare pozitif, pami yo fransè chanpyon dimond lan, Blaise Matuidi oswa atakan Ajanten Paulo Dybala.

Ansyen defansè AC Milan an Paolo Maldini ak pitit li Daniel ki se atakan kleb foutbòl sa yo menm tou pa epanye anba Kovid-19 la.

Omwen yon kenzèn jwè NBA gen kowonaviris lan, se ka esta Brooklyn lan, Kevin Durant ak fransè Rudy Gobert (Utah).

Fòk nou di si gen anpil pèsonalite ki rive chape anba dan lanmò pandemi Kowonaviris la, gen plizyè lot li pote ale pou peyi san chapo. Se ka :

Saksofonis kamewounè Manu Dibango, Lejand afro-jazz la ki te gen 86 lane, ki mouri Madi 24 mas 2020 an, nan peyi Lafrans lakoz Kovid-19 la.

Dramatij ameriken, Terrence McNally, ki te gen 81 lane, li menm tou mouri Madi 24 mas pase a aprè divès konplikasyon ki gen pou wè ak Kowonaviris la.

Menm jan an tou nan lis pèsonalite ki mouri ak Kovid-19 la, nou jwenn chantè Kongolè Aurlus Mabélé, ki se figi soukouss, vèsyon modèn woumba Kongolè a.

Tankou tout lòt pèsonalite sa yo, ansyen prezidan Real Madrid la, Lorenzo Sanz, li menm tou mouri samdi 21 mas 2020 an, twa jou aprè li te fin entène lopital akoz Kovid-19 la.

Lis selebrite sa a swa ki ap viv toujou oswa ki mouri ak kowonaviris la montre aklè pandemi sa pa epanye pèsòn moun sou wout li. Kit ou se gwo zouzoun, kit ou se yon vye malere san non li ka pase men pran w.

Nan peyi Dayiti, pou anpil moun se Bondye k ap pwoteje yo kont pandemi Kovid-19 la, lè yo konsidere sitiyasyon degraba sistèm sanitè peyi a, menm si pifò nan moun sa yo, jiskounye a, kontinye ap fè neglijans nan sa ki gen pou wè ak aplike prensip lijyèn yo ak proteksyon yo devan gwo danje viris la reprezante pou lavi yo. Sa ki ta vle di, moun sa yo gen lè bliye oubyen yo chwazi mete sou kote pwovèb sa ki se yon vè nan yon fab Jean de La Fontaine ki gen pou non : « Le Chartier embourbé » ki di, n ap site « Ede tèt ou, syèl la ap ede w »? sa ki vle di « Ou dwe eseye rezoud yon pwoblèm pou kò w avan Bondye vin ede w. »

 

Dieudonné ST CYR

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.