Wednesday, April 9, 2025
ACTUALITÉS

Pozisyon Kolektif Pati Politik 30 janvye sou rapò ULCC ak sityasyon politik aktyèl la

Kolektif Pati Politik 30 Janvye yo eksprime chòk yo apre piblikasyon rapò «ULCC» nan dat 2 oktòb 2024 sou yon eskandal koripsyon ki enplike twa “Konseye-Prezidan”. Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) ap fè yon seremoni pou pase pouvwa, ki baze sou yon rezolisyon ki date 4 oktòb 2024 e ki gen siyati “Konseye-Prezidan” sa yo Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire ki enplike nan eskandal lan.

Kolektif la denonse tantativ KPT a pou reyabilite ak defann “entouchab” yo devan piblik la. Li soulve kèk pwen enpòtan sou sa ki dwe fèt:

1-Kolektif la rete fèm sou pozisyon l pou retire “Konseye-Prezidan” sa yo ki enplike nan eskandal la epi tann yon desizyon lajistis.

2-Kolektif la anonse li pral konsilte fòs viv peyi a ak lòt pati ki te siyen Akò 3 avril 2024 la pou jwenn yon fòm gouvènans ki estab pou garanti reyisit tranzisyon an .

3-Apre yon masak ki fèt Pon Sonde pa gang nan Latibonit, kolektif la ap ankouraje popilasyon an pou sipòte entèvansyon fòs piblik yo epi reziste kont ensekirite a.

4-Kolektif la kontinye denonse koripsyon ak mannèv politik KPT a ki neglije soufrans pèp la ak dat enpòtan tranzisyon an.

Kolektif la mande tout moun rete vijilan epi kontinye lite pou gouvènans ki an favè pèp la.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.