ACTUALITÉSEDUCATION

Akayè : Ane akademik la demare ak divès lekòl Nasyonal san Direktè plis yon BDS ak yon grenn enspektè disponib

Edikasyon nan nivo Komin Akayè ap fè fas ak anpil gwo difikilte depi plis pase 3 lane. Nouvèl ane akademik 2024-2025 lan demare madi premye oktòb ki sot pase la nan kondisyon trè difisil. Biwo Distri Skolè Akayè a gen yon grenn enspektè ki disponib pou seksyon fondamantal, pou Segondè pa gen enspektè ki disponib se yon Kowodonatè pou yon ti bout tan, Jean Renel, otorite Ministè yo te nonmen. Enspektè sa pase nan distri a nan chak okazyon sa lakoz dosye pou lekòl segondè yo se sou Watsap Direksyon lekòl yo voye yo ba li pou tretman.

Mete sou sitiyasyon lamantab sa, divès lekòl Nasyonal tankou Nasyonal Delis, Tibwa, Pons ,Koray pou n site sa yo sèlman pa gen Direktè depi plis pase 2 lane. Se komisyon kap jere lekòl sila yo men komisyon sa yo pa janm pote rezilta, anpil lekòl sa yo nan eta delabreman mete sou pwoblèm pwofesè ki pa nome . Se galimatcha pou lekòl sa yo.

Nan sans sa otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal dwe pran dispozisyon prese prese pou nome plizyè enspektè nan BDS la epi nonmen Direktè ak pwofesè nan lekòl Nasyonal sa yo pou pita pa pi tris.

Nap siyale pòt lekòl sa yo toujou rete fèmen byenke lekòl la ouvè. Anpil nan manb komisyon yo plenyen pou lantè yo wè ki gen nan dosye nominasyon yo anpil nan yo prè pou abandone apre plis pase 2 zan yo fè san jwenn lèt nominasyon yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *