ACTUALITÉSSECURITE

Masak Pon Sonde : Komisè Divizyonè Paul Ménard pèdi pòs li kòm Direktè Depatmantal Lapolis Latibonit

Direksyon Jeneral lapolis pran dispozisyon jounen vandredi 4 oktòb la pou chanje Direktè Depatmantal Lapolis Latibonit, Paul Ménard yon jou apre gwo masak bandi Savyen fè Pon Sonde kote plis pase 70 moun asasinen anba bal daprè rapò Nasyonzini mete deyò.

Komisè Divizyonè, Caleb Exantus se nouvo Direktè Depatmantal Lapolis Latibonit li enstale nan pòs li jounen vandredi 4 oktòb la, se Paul Ménard li ranplase.

Desizyon pou revoke Paul Ménard pran se aprè masak bandi fè nan Ponsonde. Direksyon Jeneral lapolis vle rann dinamik Lapolis nan Depatman Latibonit lan.

Nap siyale Premye minis Gary Conille debake nan komin Sen Mak jounen vandredi 4 oktòb la pou pote sipò bay viktim yo ak ankouraje otorite yo nan ba Latibonit la.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *