ACTUALITÉSSECURITE

Masak Ponsonde: Komisè Gouvènman Sen Mak la, Venson François mande ranfò pou kontrekare evantyèl atak sanginè yo

Bandi ki sòti nan baz grangrif fè yon masak nan Ponsonde kote plis pase yon senkantèn moun pèdi lavi yo ayè jedi 3 oktòb 2024. Komisè Gouvènman jiridiksyon Sen Mak Venson François lonje dwèt sou otorite nan Lapolis yo ki pa t janm pran okenn mezi pou te evite dram sila.

Apre sitiyasyon lamantab sila, Komisè Gouvènman a fè konnen sitiyasyon an plizoumwen sou kontwòl lapolis pwiske divès ajan mobilize sou plas e deja pran tout dispozisyon pou kontrekare evantyèl atak sanginè ta anvi fè sou popilasyon sivil la nan Ponsonde.

Chèf jiridiksyon Sen Mak la deklare nan laprès se pa premye fwa Ponsonde ap viktim zak banditis atoufè san fwa ni lwa. Majistra fè konnen te toujou gen dispozisyon ki pran pou te evite masak sa malerezman li rive akoz kèk neglijans bò kote Lapolis nan komin Sen Mak.

Komisè Gouvènman jiridiksyon Sen Mak kwè otorite yo parèt depase pa sitiyasyon an akoz moun epapiye tout kote nan vil la spesyalman sou Plas Filip Gèrye a. Mèt Venson François mande otorite lapolis yo voye ranfò epi ogmante efektif ak materyèl pou Lapolis la nan komin nan.

Nan yon kominike ki mete deyò ayè jedi 3 oktòb la , Ministè Lajisitis ak Sekirite Piblik ki gen nan tèt Mèt Carlos Hercule pase Lapolis lòd ak enstriksyon pou bay yon repons ak zak bandi yo fè nan Ponsonde yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, j'intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *