SOCIÉTÉ

KOJÈS : Seremoni pou remèt pri pou 2èm edisyon Konkou Lèt

Kolektif Jèn Solèy ap reyalize seremoni pou remèt pri Konkou lèt li nan jou kap samdi 3 fevriye 2024 la. Seremoni sa ap fèt nan Bibliyotèk Michèle Tardieu ki chita kò li sou Petyonvil nan nimewo 36, ri Fobè (rue Faubert).

Si pou ane 2022-2023 a anbyans enskripsyon an te difisil ; pat genyen anpil moun ki enskri. Fwa sa, pou ane 2023-2024 la, komite òganizatè a te blije triye venntwa (23) sou plis  pase karant (40) moun ki te enskri. Moun nan rejyon anpwovens yo te patisipe tou nan enskripsyon an ane sa. Sitou nan zòn Plato Santral.

Kontrèman ak premye edisyon an, Komite òganizatè a te chwazi mete twa (3) tèm disponib pou patisipan yo evolye. Sa ki te vin bay 3 kategori : DWA FANM AK TIFI – SEKIRITE – ANVIWÒNMAN – kote patisipan yo t ap fè jwi tout bèl enspirasyon chaje ak estetisite sou paj Facebook Kolektif la.

Pou dezyèm edisyon an, daprè prensip konkou a, òganizatè yo ap tann pami trèz (13) finalis yo, sis (6) gayan. Pou pĺis presizyon, de (2) pri nan chak kategori : yon pri jiri – yon pri piblik.

Daprè manm Kolektif jèn solèy yo, sèten pou jan konkou sa ap fè wout li la, yon jou kou jodia, li ap pran yon echèl nasyonal. 
Klike sou lyen sa pou kapab li diferan lèt patisipan yo 👇🏼https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=pfbid02wyaD36eqRaT24ApyQeSqrrmTdHPZgkCBhnoV8kfmz6q9EEEqodJ36fymQJaq73snl&id=100064917183386&mibextid=2JQ9oc

#KOJES 

Jean Herarson DÉSIRÉ 

Janvye 2024

Partagez ceci