ACTUALITÉS

BODDH : NOTE DE PRESSE POZISYON SOU CORONA VIRUS KI RANTRE LAKAY-HAITI

Port-au-Prince, vandredi 20 mars 2020

PA TIYE MOUN KAP TOUSE, NI MOUN KI GEN VIRUS CORONA.
CORONA PA TIYE TOUT MOUN KI GENYEN L. LÉ MOUN MALAD SE SWEN POU L JWENN.
LETA DWE GARANTI KE TOUT MOUN KI GEN MALADI PWOTEJE E JWENN SWEN.

Pèp Ayisyen, jodi a yo detekte CORONA VIRUS lakay nou- HAITI . Li rantre nan menm peryod chanjman tanperati kote lè a pra l pafwa cho pafwa frè. Sa vle di li pi fasil pou moun gen fyèv ak grip. Aloske depi yon moun touse, anpil moun prè pou tiye l sou baz li gen corona virus. Nan kondisyon sa,anyen pa ka anpeche yon moun gripe, ni gen tous, sil pa te pwoteje tet li-iminize- menm si l pa gen virus la sou li. Si bagay sa rete konsa anpil moun pra l mouri san se pa corona ki tiye yo tankou sa te pra l rive Profesè Limonad la. Nou mande pou tout moun vijilan kont maladi a, an menm tan m mande pou yo pwoteje tout moun menm si l malad ak Corona virus la. Moun ki malad oubyen ki te nan zòn a risk yo dwe deklare sa bay ajan santé yo. Yo dwe jwenn swen ka yo nesesite. Moun ki pa gen maladi pa dwe santi yo menase pou vi yo menm si yap touse.
Nan tou 2 ka sa yo, Leta dwe mete sant pou akeyi malad yo, mete materyel tretman adekwat tankou ventilateur ka purifye lè a ki ka fasilite respirasyon moun ki malad la, tankou klorokin,ak lot , tankou mask pou medsen yo ak lot pesonel santé yo pou yo santi yo an sekirite tou.

BODDH mande pou tout moun,tout medya ak tout enstitisyon sansibilize populasyon an pou yo sispann lide pou tiye moun ki gen virus la oubyen moun kap touse menm si l pa malad. Nou tap rete sel pèp ki tiye frè ak Sè nou pou yon maladi yo patap kontan rantre sou yo.

Fè mesaj la sikile toupatou souple!
Se Kontribusyon BODDH sou pwoteksyon sitwayen yo nan dosye corona virus la.

Pou BODDH,
Me Jacceus JOSEPH, Coordonnateur général

2020

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.