Opinions

Se pa pou sa n te  fè 7 fevriye 1986

Wi, se pa pou sa Jean Robert Cius, Mackenson Michel ak Daniel Israël te britalman asasine pa makout gouvènman diktatè Duvalier an nan dat 28 novanb 1985 nan Vil Gonayiv. Yo te kite san yo koule pou sa te kab chanje.

Lanmò 3 ti ekolye sa yo ta pwal revòlte konsyans tout peyi an. Soti Latibonit, Nò, Sid, Ès ak Lwès, tout moun te kanpe pou voye manje ranje, gouvènman makout ki te la depi prèske 30 tan an ale. Wi, bonè nan jounen vandredi 7 fevriye 1986 lan, rejim sanginè, san manman an te tonbe. 

Konsa, avèk yon gouvènman ki te konpoze sivil ak militè, te gen espwa pou demokrasi boujonnen. 

Sa ki fè, sou gouvènman sa ki te rele CNG an, pèp lan te tèlman vle sa change tout bon, malgre tout menas makout yo te ap fè pou eleksyon an pat rive fèt, yo te aksepte mouri nan biwo vòt ki te nan lekòl Riyèl Vayan Argentine Bellegarde nan dat 29 novanb 1987. Yo te bay vi yo pou demomkrasi. Paske yo te vle yon chanjman de pouvwa politik ak moun ki sòti nan eleksyon ki pou te vi n pote yon chanjman ekonomik ak sosyal pou mas yo.

Se chanjman politik ak sosyo ekonomik yo te kontinye ap chache ki fè ke 16 desanb 1990, ant kandida enperyalis lan ak ti Pè Sen Jan Bosko a, pèp lan te lavalasman al vote Prèt Katolik lan, paske li te konn ap pale nan non yo. 

Se te pou yon landemen miyò ki fè aprè militè yo te fin n voye nan kanpe lwen lidè popilè yo an, pèp lan te reziste pandan 3 zan nan sitiyasyon mizè kesyon anbago ekonomik lan te enpoze yo. Se te menm bagay lan tou, yo te kontinye goumen anba tout fòm de vyolans yo te ap sibi kont manb FRAPH yo ki te konn ap vyole ak touye yo nan katye popilè yo.

Tankou « les frères parents » te chante: yo te afwonte mitray, paske yo te vle pase pay, pou yo te kab sòti anba tray. Men, malerezman aprè 15 oktòb 1994, moun ki konsidere yo kòm zanmi peyi Dayiti te kontinye pase pèp sa nan rans.  

Kòm yo te pran plezi pase peyi an nan betiz, yo te rive, nan yon fo eleksyon, bay nasyon an yon prezidan ki renmen di betiz. Konsa, olye vi pèp lan chanje, nan yon zafè tranzisyon demokratik ki pa jan m fini, se mizè, grangou, chomaj, kidnapin ak dlo nan je pèp lan rekòlte nan kesyon  koudeta elektoral. Ajoute ak tout sa yo, se tanzantan gen yon fòs okipasyon ki, sou kouvèti, misyon salvatris, toujou ap rantre pou destabilize peyi an.  Egzanp, MINUSTAH (Mission des Nations-unies pour la Stabilité en Haïti).   

Anpil kòb gaspiye nan zafè eleksyon.  Kòm pèp lan te vrèman kwè nan zafè demokrasi sa, donk nan kesyon mobilizasyon, li te fè anpil sakrifis. Nan batay pou chanjman, anpil militan te mouri. Se ki fè, pandan ke pèp lan te kwè nan yon demokrasi pou chanje la vi, zòt te gen nan tèt yo yon lòt fòm de demokrasi. Yon demokrasi san demokrat.  

Jodi a, aprè pèp lant te mete fen ak VSN an 1986, demokrasi pèpè entènasyonal lan enpoze an bay FRAPH, GNB ak G9.  De 1986 ak 2023, negativman, anpil dlo koule anba pon an.  Kòm rezilta, se Riyèl Vayan 29 novanb 1987, koudeta 30 septanb 1991, kout fòs 2004, fo eleksyon pou anpil lidè imoral ak enkonpetan, masak nan La Saline, Bel-Air, Cité Soleil, Pont Rouge, Carrefour Feuilles, etc.  San konte anpil ofisye polis ki ap tonbe anba bal bandi nan yon pouvwa se bandi ki panse yo legal.     

Pandan tan sa, anpil move akò ap siyen nan non pèp lan ak peyi an.  Se yon seri akò ki plis dezakòde nasyon an.  Si 36 zan aprè 7 fevriye, Ayiti kontinye ap enfonse nan labou koripsyon, masak, vyòl ak tout lòt malpwòpwete ke dirijan malpwòp yo ap fè, nou ap pwofite pou n di ke se pa pou sa ke pèp lan te goumen lè li te afwonte makout ak militè yo sou rejim sanginè an. Definitivman, se pa pou sitiyasyon sa ke pèp lan te fè 7 fevriye.  

Pou fini, mwen ap raple tèks sa te enspire de mizik “Les Frères Parents” ki rele: “Se pa pou sa nou te batay”. Donk nan jounen refleksyon 7 fevriye 1986 lan, mwen ankouraje mounn ki ap li atik sa, pou yo ta pran yon ti tan pou yo tande mizik sa. Si mizik sa te k ab yon sous denspirasyon pou mwoin, sa k pou di, li kapab petèt yon sous denspirasyon pou ou menm tou.

Li kapab ede w rive konprann vrè sans jounen 7 fevriye 1986. Finalman pran konsyans pou chanje sa. Konsa, bay yon sans ak sa tout moun ki te koule pou sa te kab chanje nan peyi an. E ansanb, rive fè sa ki enposib vi n posib.

Yo fè nou rele viv ou aba.  Men se nou ki toujou anba.  Nou pat goumen pou n pat gen okenn demen. kòm se pa pou sa nou te fè 7 fevriye 1986, donk nou mande pou nil sa ki nan tèt pouvwa a, ansanm ak tout lòt kowonpi parèy li yo rache manyòk yo, bay peyi an yon chans ak yon lòt ekip ki k ab fòme yon gouvènman de Sali Piblik pou chanje vi mas yo nan katye popilè ansanb ak peyizan yo nan tout kwoin nan peyi an

Esau Jean-Baptiste

Partagez ceci