ACTUALITÉS

HAITI / POLITIQUE GONAÏVES: SENATÈ YOURI LATORTUE MANDE POPILASYON GONAYIV LA RETE MOBILIZE POU ANPECHE PREZIDAN VIN SELEBRE 216 ANE ENDEPANDANS PEYI DAYITI

 

Senatè latibonit lan Youri Latortue mande popilasyon gonayiv la rete mobilize pou anpeche prezidan Jovenel Moïse vinn selebre fèt endepandans lan 01 janvye nan gonayiv.

 

Gonaïves, Mèkredi 18 desanm 2019
Senatè Youri Latortue ki se youn nan manb enfliyan opozisyon an nan peyi an kontinye mande pou prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a ,nan sans sa a koòdonatè nasyonal pati politik Ayiti An Aksyon an (AAA) ) mande popilasyon gonayiv lan pou itilize tout strateji yo konnen pou anpeche prezidan Jovenel Moïse vini nan vil la premye janvye 2020 kap vini la a nan okazyon selebrasyon 216e anivèsè endepandans peyi an.

 

Ansyen prezidan sena repiblik la fè deklarasyon sa a jodi Mèkredi 18 desanm 2019 lan kotel te vizite konstriksyon mize ak bibliyotèk minisipal la nan gonayiv ki deja kòmanse,senatè an anonse inogirasyon an pou kòmansman mwa janvye 2020 an.

Rolguy Docteur
IMPULSE WEBMÉDIAS

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.